DECEMBER 9, 2022
  • DECEMBER 9, 2022
  • Chicago 12, Melborne City, USA

Kiyès nou ye?

Douvanjou Web Media se yon medya an liy ki kreye 9 jen 2019 an Ayiti e ki lanse ofisyèlman 9 jiyè 2020. Gras ak bon jan kontni li ofri ki ale pi lwen pase aktyalite, li jwenn plas li ak enpòtans li nan milye medyatik ayisyen an.


Douvanjou Web Media rive wè jou gras ak volonte fondatè yo genyen pou yo kreye bon jan kontni nan lang kreyòl la, enfòme, sansibilize epi fòme popilasyon ayisyèn nan.


Douvanjou Web Media, se yon medya endepandan, ki pa gen okenn lyen ak okenn gwoup sosyal, politik oubyen ekonomik. Li resevwa don ak soutyen nan men enstitisyon ak sitwayen ki kwè nan bon jan kalite enfòmasyon.


Soti jiyè 2020 jiska jodiya, Douvanjou Web Media pibliye yon pakèt kontni ki trete plizyè kalite tematik tankou, imigrasyon, fenomèn ras kabrit la, vyolans sou fanm, pandemi Kowonaviris la, pwostitisyon, fason nou transpòte bèt yo, sò kominote LGBTI a, albinòs yo, elatriye.


Antanke medya k ap fè yon modèl jounalis ki itil, nou touche jouk nan zo sijè lòt medya yo abòde sèlman nan aktyalite an kreyòl. Douvanjou Web Media se sèl medya ayisyen ki prezante kontni l yo sèlman nan lang kreyòl la, lang majorite ayisyen pale epi konprann.


Douvanjou Web Media vle bay moun ki andeyò yo, sa ki pi vilnerab yo, e ki pa gen aksè ak lòt lang tankou fransè ak anglè, posibilite pou jwenn bon jan enfòmasyon nan lang manman yo pou amelyore lavi yo, sitiyasyon ekonomik ak sosyal yo.


Medya sila ap bay bourad ak tout inisyativ k ap fèt nan non lang kreyòl la. Nou vle travay ak tout moun, nan tout sektè, inivèsitè, pwofesyonèl, pou kreye konesans ak enfòmasyon nan lang kreyòl la epi bouste lang nan. Nou kwè si gen plis konesans ki aksesib nan lang lan, sa ka pèmèt plis moun jwenn posibilite pou yo chanje lavi yo nan peyi a.

author-img_1

Aljany Narcius

Direktris jenreral

Kofondatè | Mwen gen yon lanmou san parèy pou metye jounalis la ak lang kreyòl la e m ap batay nan fason pa m pou l ale pi lwen.

author-img_1

Adelson Elias

Jounalis-redaktè
author-img_1

Thed Metelus

Fotograf | Reyalizatè
author-img_1

Geisha Narcius

Responsab rezo sosyo | Ekonomis | Bibliyotekè
author-img_1

Pooshy Rosana

Jounalis-redaktè | Reyalizatè
author-img_1

Ricardo Mathieu

Grafis|videyograf
author-img_1

Freyja Narcius

Makiyez Douvanjou Web Media | Enfimyè | Bibliyotekè
author-img_1

Wadley Zephirin

Direktè piblikasyon | Powèt | Antwopològ | Komedyen | Bibliyotekè
author-img_1

Gregory Labossière

Responsab maketin Douvanjou web media
author-img_1

Erick Aurelien

Fotograf