Pati kite peyi w ka tounen yon gwo sous chagren

Foto : Le Temps

Lè n ap pale sou migrasyon, nou toujou fokis sou migran an pèsonèlman. Nou gade mizè l pase pou l travèse, diskriminasyon, rasis li sibi lè l rive nan peyi a, peripesi li pase pou li rive tabli l. Se vre, se yon seri kalamite migran an viv, ki pesonèl, men ki vizib tou, tout moun ka wè fasilman. Men, gen yon seri lòt sitiyasyon l ap viv anndan l, moun pa toujou wè. Sitiyasyon sa yo fè moun reflechi anpil.

Anpil fwa, lè bagay yo melanje nan men migran an, sa konn gen konsekans sou tout yon fanmi. Sa konn kreye pwoblèm nan mitan koup yo, lage fanmi yo nan eprèv, epi koze pwoblèm afektif kay timoun yo. Selon sikològ Ricarson Dorcé, sitiyasyon sa ka kite yon santiman ensekirite kay youn ou lòt nan paran yo. Kapab gen dout nan mitan yo sou plan seksyèl. Men pou sa ki gen rapò ak timoun yo, yo ka gen yon santiman sekirite, menmsi yo ta ka anvi wè paran ki pa la. Paske anpil timoun ap kontan pou yo di papa yo oubyen manman yo aletranje. Yo ka gen yon santiman lespwa, yon jou yo ka al viv menm kote ak paran sa ki lòt bò a.

Lè yon moun deside pati kite peyi l pou l al chache lavi yon lòt kote, se tankou l te yon egzile. Anpil fwa, li pa konn kilè l ap gen chans rankontre fanmi l. Yon bò, demach pou l jwenn papye pou l tounen nan peyi l yo konn difisil anpil. Yon lòt bò, li ka gen papye, li pa gen ase lajan pou l achte tikè, fè yon kantite tan nan peyi l anvan l retounen. Byen souvan, moun nan p ap touche yon kòb ki penmèt li alafwa okipe fanmi l epi jwenn rèzèv pou l regle kesyon rantre sòti.

Sitiyasyon sila a pa epanye Jean-Claude k ap viv Chili. Li rakonte fanmi l ap viv nan gwo chagren paske li pa ka rantre Ayiti depi plis pase 3 lane. Jenn gason 44 lane sa endiye anpil paske, selon sa li fè konnen, li pa wè sa l ap fè Chili li pa t ka jwenn pou l fè nan peyi l, ki lakoz li chwe byen lwen, kite madanm li ak 2 pitit li dèyè.

« Mwen gen 3 zan ak 9 mwa ap viv Chili. Mwen kite madanm mwen ak 2 timoun. Mwen te panse m t ap ka òganize m pou m ta vini menm sou 2 zan. Jouk kounya, mwen pa ka vini », se sa Jean-Claude rakonte ak anpil tristès nan vwa l. Li kontinye pou l di : « Lè m te Ayiti, timoun mwen yo te atache ak mwen anpil. Yo toujou konn ap veye lè m ap rantre nan kay la. Yo soufri absans mwen. Yo toujou ap mande m kilè m ap vini. Estrès mwen konn aji sou sante m. Mwen konn santi m malad anpil, lè m ale lopital, doktè yo wè m pa gen anyen. Se yon deplasman ki gen gwo konsekans sou fanmi m. »

Jean-Claude anvi vin pase yon ti yon moman ak fanmi l, men depi prèske 4 lane, sa pa janm posib. Li pa rive sanble mwayen pou sa, paske biyè a chè anpil selon sa l di. Mete sou sa, li gen pwoblèm papye, ki se yon bagay konplike. Lè se pa Ayiti ki trennen pye l pou fè w jwenn yon papye, se sistèm imigrasyon peyi Chili. « Yon biyè koute plis pase 1300 dola ameriken, m pa ka ofri tèt mwen yon privilèj konsa lè m konsidere tout responsablite mwen genyen. M pa swete yon eksperyans konsa pou okenn lòt moun », se sa Jean-Claude deklare pandan l ap konseye tout moun ki anvi kite Ayiti pou yo reflechi de fwa anvan yo deplase.

Gen lòt moun ki eseye lòt posiblite. Pou evite rapò yo vire an katastwòf, yo fè rès fanmi an rantre vin jwenn yo, pafwa san papye. Se sitiyasyon Claudy, yon jenn gason k ap viv Chili depi 5 lane e ki fè djòb entèprèt. « Mwen te rantre vin marye Ayiti ak lespwa pou m fè madanm mwen vin jwenn mwen. Yon ti tan aprè, yo te vin fèmen rantre Chili a. Li te difisil pou n jere distans lan. Mete sou sa, li t ap viv yon gwosès konplike. Mwen te blije fè l pase pa plizyè peyi pou l rive Chili.  Menmsi vin viv Chili san papye mennen lòt pwoblèm, men distans lan te pi difisil ».

"