Kreyòl la dwe okipe premye plas nan tout kominikasyon ofisyèl yo

Jan sa fèt depi plizyè lane, mwa oktòb se yon mwa espesyal pou fè pwomosyon lang ak kilti kreyòl. Akademi kreyòl Ayisyen (AKA) an òganize divès aktivite nan okazyon sa pou reflechi sou lang nan. Se yon bon moman tou, pou apresye epi kritike travay akademi an fè depi egzistans li.

Depi nan lane 1983, 28 oktòb rete yon jou ki rezève pou selebre lang kreyòl la. Akademi Kreyòl  Ayisyen an (AKA) nan tèt kole ak Ministè kilti ak kominikasyon  lanse 7 oktòb 2021 an mwa  kreyòl la. Se nan lane 2014 Akademi kreyòl ayisyen an te kreye nan objektif  pou  regile epi  estriktire  lang  kreyòl  la. Tèm selebrasyon an ane sa a se « kreyòl toupatou san fòs kote ». Daprè manm AKA a, Pierre Michel Chéry, tèm nan dekri reyalite sosyete a, kote popilasyon an vle kreyòl la pale toupatou. Tèm nan denonse tou vye atitid otorite, responsab nan edikasyon ak kèk gwoup nan sosyete a ki pa bay kreyòl la valè.

Pou Pierre Michel Chéry, òganize yon seri aktivite pandan yon mwa pou selebre lang kreyòl la antre nan yon dinamik kominikasyon pou fè pwomosyon pou lang ak kilti kreyòl la. Sa ki pèmet mesaj la rive pi lwen, sou plis moun. 

Lang kreyòl la se yon patrimwàn
Lang se yon eleman kiltirèl ki ini yon sosyete. Li gen yon dimansyon istorik tou. Istwa lang kreyòl ayisyen an espesyal parapò ak kontèks esklavaj li te pran nesans la. Se sa k fè moun ki gen responsablite pou estriktire epi valorize lang nan dwe travay di pou l reyonnen kòm senbòl nasyon ayisyèn nan. Manm akademi kreyòl ayisyen an, Pierre Michel Chéry, fè konnen lang kreyòl la se yon patrimwàn akademi an gen responsablite pou pwoteje. Anplis yon lang ofisyèl, lang kreyòl la se yon lang nasyonal pase tout moun nan sosyete a pale kreyòl. Se yon veritab siman ki soude tout ayisyen. Pèsonn pa gen dwa pè pale kreyòl, fòk kreyòl la pale toupatou nan tout espas, nan tout rakwen.

Pou Steeve Kerlin Rousseau Junior DUCASSE, etidyan nan Fakilte Lengwistik Aplike (FLA), Akademi kreyòl ayisyen an fè yon kantite travay ki merite apresyasyon sitou nan nivo gramè ak òtograf. Men akademisyen yo ret anpil travay pou yo fè pou ka gen yon edikasyon syantifik an Ayiti. Konsènan tèm selebrasyon lang kreyòl la ane sa a ki se « kreyòl toupatou san fòs kote », Ducasse pwopoze pou akademi an pa rete sèlman nan kad eslogan an, paske konesans pa pwodui sou baz eslogan. Fòk tèm nan reflete reyalite a. Fòk kreyòl la ka pale tout kote vre, san baboukèt. Fòk lè yon moun ap pale kreyòl l pou l fyè tankou l t ap pale nenpòt lòt lang. Pou sa fèt, akademi an dwe travay tèt kole ak Ministè edikasyon nasyonal pou yo moutre timoun yo, depi nan klas primè, ekri kreyòl la byen epi fè yo konn enpòtans li kòm lang manman yo, mete materyèl lekòl disponib nan tou de lang ki sou tèritwa a epi tradui dokiman syantifik yo.

Kreyòl la dwe ka sèvi kòm  zouti pou fè lasyans san eksklizyon
Pou yon pi bon ansèyman nan lang kreyòl la, daprè etidyan nan fakilte lengwistik la, Akademi kreyòl ayisyen an dwe rantre nan demach pou didaktize lang nan epi estandadize l, yon mannyè pou ka gen bon jan pwodiksyon syantifik. Nan sans sa lang kreyòl la menm jan ak tout lòt lang dwe ka sèvi yon zouti pou fè lasyans san eksklizyon. Paske, daprè Ducasse, youn nan fason pou yon lang devlope se lè gen pwodiksyon k ap fèt ladann.

Akademi an poukont li p ap ka fè tout travay la. Daprè Pierre Michel Chéry, Leta gen wòl pa l pou l jwe tou, li dwe fè kreyòl la okipe premye plas nan tout kominikasyon ofisyèl yo. Menm jan sosyete a tou dwe bani tout vye fòm diskriminasyon kont lang nan. Li kontinye pou l di akademi an ap fè bò kote pa l tout efò pou fè sa ki sou responsablite l, tankou met gramè ak diksyonè disponib pou tout moun ki bezwen byen itilize lang nan.

AKA gen anpil travay pou l fè toujou
Kontrent bidjetè ak sitiyasyon sosyal epi politik fè akademi an pa ka vanse sou kèk pwojè daprè sa akademisyen an eksplike. Depi 2014 yo t ap bat pou fè kreyòl la entegre sistèm jiridik peyi a, men sa poko janm fèt. Pandan tan sa a, akademi an gen pwojè travay sou yon tèminoloji teknik pou chak metye. Nan lide pou kontinye ankouraje pwodiksyon nan lang kreyòl la, menm jan yo gentan fè l nan domèn jounalis la, AKA konte òganize yon pri literè ak syantifik.

Pou anviwon 7 lane akademi an genyen depi l egziste, travay yo pa satisfezan, akademisyen yo ret anpil bagay pou yo fè, pou regile lang kreyòl la epi fè l reyonnen toupatou. Se sa k fè etidyan nan fakilte lengwistik la, Ducasse, pwopoze pou akademi an travay an kolaborasyon ak lòt syantifik nan domèn lang pou fè lang kreyòl la vanse. 

 

"