John Wesley Delva, yon pwezi konsyan

John Wesley Delva se yon non ki koumanse pran bon jan espas nan peyizaj literè a an Ayiti, prensipalman nan peyizaj powetik la. Li se otè plizyè rekèy powèm : Rêves ensanglantés, journal d'un voyageur exilé ak  "Fissures Murales", dènye liv li ki soti pou ane 2021 an nan peyi Kanada, kote l ap viv, ekri epi etidye.

Rekèy John Wesley Delva yo pale sou sitiyasyon lavi powèt la, sitiyasyon peyi l ak monn lan an jeneral, men sitou sou imigrasyon. Nou kapab li dènye rekèy li an « Fissures murales » tankou yon konsta : yon monn k ap desann nan labim, kote pi gwo ap vale pi piti ; popilasyon yo k ap sibi nan yon reziyasyon enposib, yon tan ki mete lajan anvan tout bagay, elt. Men l ap jofre yon monn nouvo tou nan menm tan an kote lavi gen sans.

Si John te toujou konn ekri lè l te an Ayiti, li ekri pi plis lè l rive nan peyi Kanada. Sa li admèt dayè, lè nou konsidere temwayaj li : « Rive m nan peyi Kanada sanble ede grenn powetik mwen yo leve. Plizyè rezon ka eksplike sa : dout sou defi nouvo espas jewografik ak kiltirèl mwen rive a, anplis de sa vwayaj la aprann mwen ». Epi « dram entim » lavi nan yon peyi etranje mennen (sitou nò ameriken) kapab yon akseleratè pou travay kreyasyon. Menm fredi, si m entèprete sa powèt la di, kapab yon eleman pou satiyèt yon pawòl sansib.

Tankou powèt René Char li renmen anpil selon sa l di li nan zèv li a « Claire » :« pou w orijinal, fò k ou dekouvri ». John dekouvri yon pakèt gwo powèt, tankou Georges Castera, René Char, Mahmoud Darwich, Aimé Césaire, Arthur Rimbaud, Anthony Phelps ak lòt ankò. Tèlman gen powèt ki soti nan diferan jenerasyon ki enspire l, li wè nan travay li a yon « brasaj pèspektiv literè ».

Jonh Wesley Delva ranpòte plizyè pri. Pami yo, pri Antidote nan peyi Kanada, pri pwezi Université Sorbonne-Paris nan peyi Lafrans, kategori etidyan etranje, pri poésie en liberté. Menmsi powèt la pa janm gen gwo tèt devan pri yo, yo rete pou li  yon sous motivasyon enpòtan.

« Pri yo pote yon souf nouvo nan eksperyans powetik mwen. Souf motivasyon ak konfyans. Fòk mwen fyè ! Mwen ki grandi nan yon seksyon riral, ki pa t janm frekante gwo lekòl nan lavi m. Sa vle di tout bagay posib. Pri yo di m sa moun p ap janm di m : « Mwen kapab.» E, lè m konnen verite sa, mwen fè tèt mwen pwomès pou m pa kanpe, pou m ale jiskobou. »

Pa rapò ak difikilte otè a jwenn pou l fè liv li yo  rive jwenn lektè yo bò isit, l ap travay pou l mete yo disponib an liy, yon fason pou yo pi aksesib. Li anonse pwochen rekèy li « Rouges à lèvres », k ap tou gen yon CD kote l ap li tèks ki sou li yo.