Stravensky Debrosse : yon jenn migran ayisyen ekstrawòdinè nan Sendomeng

Nan kad seri « Mardi Doc » Fondasyon Konesans ak Libète (FOKAL) mete sou pye depi kèk mwa, fondasyon an te òganize yon diskisyon ak reyalizatè Richard Sénécal ak Stravensky Debrosse sou rezo sosyal yo sou fim « Le Violoniste » Richard Sénécal te reyalize an 2016 la. Fim sa ki te patisipe nan festival fim frankofòn Angoulême nan an 2018 nan ribrik Sine ak Konsè a, prezante Stravensky Debrosse, yon jenn migran ki te travèse fwontyè dominiken an touswit aprè tranblemanntè 12 janvye 2010 la an Ayiti. « Le Violoniste » prezante yon jenn gason pasyone pou mizik ; yon jenn gason, pou li, vyolon reprezante yon sous motivasyon lavi san parèy.

Kiyès Stravensky ye ?
Stravensky fèt nan lane 1990. Li grandi Pòtoprens. Li te rantre Sendomeng nan lane 2010 aprè tranblemanntè 12 janvye a pou l etidye jesyon antrepriz. Pandan l ap etidye a, li sote sou okazyon pou l reyalize rèv li te genyen depi l te tou piti pou l aprann jwe mizik, jwe vyolon. Depi dat sa, li tonbe sou vyolon an tankou yon poudriyè ki jwenn yon etensèl. Reyalizatè Richard Sénécal istwa Stravensky a touche, reyalize yon dokimantè sou pakou li, fòmasyon l nan vyolon. Reyalizatè a te swiv li pandan 4 lane.

« Le Violoniste », yon pretèks pou konprann sitiyasyon migran ayisyen yo nan Sendomeng
« Le violoniste » mete limyè sou Stravensky Debrosse ak pasyon l pou mizik epi kantite kouraj li genyen pou l atenn objektif li. Fim nan montre tou gen plizyè pwoblematik ki egziste depi dikdantan  nan rapò de zile yo tankou : rasis kont ayisyen, repons rasis tou bò kote ayisyen yo pa rapò ak dominiken, iresponsablite konsila ayisyen an nan Sendomeng pa rapò ak sitiyasyon migran ayisyen yo, elatriye.

Sa pa t fasil ditou pou jennonm lan, si nou konsidere temwayaj li. Dayè, anplis li viktim rasis akoz yon seri lide ki gen lavi long dominiken yo genyen sou Ayiti, li trennen anpil anvan l rive sanble 100 dola pou l te achte premye vyolon l ki pa t menm bon kalite. Poutan, li jwe ak vyolon sa  pandan de lane. Aprè sa, pwofesè l yo te egzije l pou l gen yon bon vyolon paske sa l te achte pou 100 dola a te limite l nan kèk travay. Mete sou sa, anpil fwa, li pa t gen lajan pou l peye pwofesè yo. Sa ki te fè l oblije rann pwofesè yo sèvis nan plas lajan li te gen pou l peye yo a.

Lavi l te konplike anpil kwak li te entèlijan ase pou l te adapte l ak sitiyasyon l. Sitou, li pa t aprann sòlfèj anvan. Men mizisyen an lwen kounya nan pwosesis reyalizasyon rèv li a. Dayè, li entegre pi gwo òkès senfonik nasyonal jèn yo nan peyi Sendomeng. Òkès la akonpanye l al jwe anpil kote nan monn lan.

Stravensky ki gentan jwe bò kote anpil gwo atis nan peyi Sendomeng ak nan Karayib la, fè konnen li viv plizyè fòm rasis ki pa twò grav, men li pase anpil move moman nan Sendomeng. Selon sa atis la fè konnen, si l viv kèk fòm rasis ki pa twò grav, se paske l pa konplekse. Li di sa paske li respekte prensip e li respekte tèt li. Menmsi li rekonèt gen anpil moun ki viktim san yo pa t vrèman deranje anyen oubyen reprezante yon danje pou pèsonn.

Pami move pawòl li konn tande lè l twouve l nan mitan dominiken yo, yo konn di: « Sa ayisyen sa ap fè la ?  Tounen lakay ou, te kwè prezidan Fernández fè inivèsite pou nou Limonade ! » Stravensky kwè nan lapè ak lanmou. L ap batay pou yon pi bon rapò nan mitan de peyi vwazen yo.

Rèv Stravensky pou Ayiti
Mizisyen an repwoche konsila ayisyen an nan Sendomeng paske l pa janmen voye je gade l malgre jefò l ap fè pou l chanje imaj peyi l. Li reve konstwi yon konsèvatwa nan peyi Dayiti. Konsa, anpil timoun tankou l ki reve jwe mizik epi ki pa gen mwayen ta jwenn yon espas fòmasyon solid akeyi yo. Sa ki ta ka evite yo jwenn move trètman nan lòt peyi.

N ap raple nan lane 2018, Fondasyon Zile, yon fondasyon ki enplike anpil nan kesyon migrasyon ant Ayiti ak Repiblik dominikèn te ba li yon pri yo rele Pri Diaspora Lajenès. Selon atis la, se sèl jès ki sòti nan yon enstitisyon nan peyi a ki montre yo konprann travay li.

 

 

"

"