Matènite lopital Inivèsitè Lapè a vanse tounen yon koulwa lanmò

Youn nan sèvis moun frekante anpil nan lopital leta se sèvis matènite a. Sèvis kote fanm ansent yo akouche ak pran premye swen aprè akouchman an. Sèvis matènite Lopital Inivèsitè Lapè a gen lontan depi li pa kòdjòm. Pa gen bon jan laswenyay, pa gen materyèl, pèsonèl sante yo pa prezan, fanm ansent ap mete ba nan move kondisyon …

Lopital Inivèsitè Lapè te fèt sou ansyen prezidan Jan Bètran Aristid. Leta ayisyen te repare l gras ak lèd peyi Kanada nan lane 2011. Depi reparasyon sa ki te koute anviwon yon milyon dola kanadyen, lopital sa pa sispann fè grèv pou agresyon moun a zam fè sou pèsonèl li yo, move trètman yo sibi ak salè pèsonèl medikal yo ki s on pitans. Agresyon travayè lopital la ap rankontre prèske chak jou nan espas travay yo lakoz anpil anplwaye pa vin travay. E sa gen gwo konsekans sou fonksyonman lopital la, sitou sèvis matènite a.

Twaka sèvis yo p ap fonksyone nòmalman. Sèvis matènite a menm, se yon tèt chaje. Selon youn nan enfimyè yo, matènite a pa gen materyèl ditou. Pa gen ase kabann pou kantite pasyan lopital la ap resevwa. Epi pa gen doktè. "Lopital la lage sou kont rezidan ak entèn. Medsen sèvis yo pa mete pye. Kouran se youn nan pi gwo pwoblèm matènite a. Anpil fwa akouchman yo se ak flach telefòn yo fèt. Se paran moun k ap akouche yo ki pou vini ak tout bagay : dra, zòrye, gan, elatriye...

Anpil fwa, pou menm pwoblèm kouran sa, sèvis matènite a konn voye tounen oswa pa resevwa ditou kèk pasyan ki vin akouche menmsi yo bezwen swen an ijans. Sèvis matènite a ap fonksyone klopi klopan. Malgre plizyè grèv anplwaye yo fè nan lopital la pou mande chanjman ak pi bon kondisyon travay, anyen pa janm chanje. Okontrè, MSPP ki se ògàn ki la pou jere lopital leta yo pa janm di yon mo. Sendika travayè Lopital Inivèsite Lapè yo toujou kanpe, bloke travay pou egzije ministè a koute vwa yo. Men anyen pa janm fèt. Ministè a te menm fè transfere prezidan sendika a, Patrick Destiné, nan sant sante Delma 32 a pou enpètinans.

Selon yon anplwaye ki pa vle non l site, youn nan rezon ki fe matènite a nan eta l ye a, se lajan pou fonksyonman l yo ki pa sispann disparèt. Anpil pèsonèl gen men tranpe nan koripsyon sa. Lajan pa janm ka rantre nan kès lopital la. Sa lakòz sèvis li yo pa gen mwayen pou yo fonksyone. Administrasyon lopital la pa janm di yon mo. Move grenn yo la pami bon yo men konsekans zak yo toujou gen repèkisyon sou pèp la, ki toujou pa ka fè pitit nan bon kondisyon.

Sèvis matènite a divize an plizyè seksyon tankou: sal travay, sal akouchman, sal patoloji, swit kouch, seksyon eklanmsi, ak kèk lòt ankò. Anpil fwa se de oswa twa enfimyè ki vin travay pou tout seksyon sa yo. Mete sou sa, materyèl yo disparèt grenn pa grenn nan sèvis la. Se prèske nan kondisyon inimen moun ap akouche anndan an. Nan imilyasyon enfimyè ak pèsonèl fistre paske leta bliye yo, fanm ansent ap akouche nan sèvis la tankou bèt. Sa konn lakòz akouchman pase mal, ti bebe a oswa manman an pèdi lavi yo.  Matènite Lopital Lapè a vanse tounen yon koulwa lanmò.

Selon *Darline Jean, yon dam ki te akouche nan lopital Lapè a nan lane 2014, matènite lopital Lapè a se yon veritab bouchri. “Devan je mwen ak mari m, yon fi akouche pandan yo voye l al mache, pitit la mouri. Devan baryè a, yon lòt fi chita ap pouse poukont li. Yo kite doktè ki ap fè estaj akouche moun san sipèvizyon. Sa k te akouche m nan, pa t fè revizyon iterin pou mwen, enfeksyon manke touye m. Darline ajoute:  “yo mete fi ki fè fos kouch rekipere nan menm espas ak sa ki gen pitit nan men yo. Doktè gason ap bay fanm gwo tap pandan yo gen tranche pou yo sispann rele. Y ap rele nan tèt ou, ba w kou epi yo pa ba w okenn enfòmasyon. M apèn fin akouche, doktè a ap banm presyon pou m leve al benyen pou m libere ti bourik la pou lòt moun. Se paske se pa t premye pitit mwen ki fè m te konnen m pa dwe leve touswit akoz san m pèdi, m konnen vètij te ka fè m chavire fas atè.”
Selon sa Darline rakonte, entèn yo refize bay bon non yo yon fason pou yo pwoteje tèt yo lè akouchman yo mal pase. “Lè m te mande sa k akouche m nan kouman l rele, li di m Doktè Jean Louis. Lè bon doktè a vin fè revizyon iterin pou mwen aprè plis pase 6zèdtan, li tèlman choke paske plasenta a te ret andan m, li di m pou m ba l non medsen an paske fò k gen suivi. Lè m di l se Doktè Jean Louis, li di m sa se non tout  etidyan k ap fè estaj isit la.”

Darline ajoute : se mwen menm ankò ki trennen ak ti bebe a sou bra m al chèche èd lè m wè m ap mouri ak tranche alòske m akouche deja, paske m te poukont mwen lopital la.” Li di : “M refize pale de koze pran kouran an pandan sezaryèn, epidiral ki kase nan do moun, elatriye. “Pifò matènite Ayiti trete fi k ap akouche tankou bèt. Pandan w ak gwo doulè, y ap di w betiz epi ba w gwo tap pou pouse si w fèmen pye w. Gen yon mis ki te di m : pran l la dous men gade w kounya, ou poukont ou devan konsekans yo. Kòm anpil ayisyen ka peye doktè prive, kontinye di sa pa gade nou.”

"