Sante mantal se yon nesesite

Jan sa toujou fèt chak ane, ane sa, nou selebre Jounen mondyal sante mantal la 10 oktòb malgre pandemi Kowonaviris la kontinye ap ravaje monn nan. Ant ensekirite, ralantisman sektè ekonomik lan ki fe lavi a vin pi chè ak pandemi kowonaviris la ki gen gwo repekisyon sou sante mantal nou, bò isit, an Ayiti, sitiyasyon nou vin pi konplike sitou nan domèn lasante, piske nou pa gen aksè ak swen sante mantal.

Nan tout monn lan, lasante parèt sijè ki pi enpòtan nan elaborasyon pwogram sosyete yo. Anpil lajan depanse pou laswenyay, gwo lopital konstwi, bon jan ankadreman tabli pou espesyalis lasante yo nan sosyete ki bay moun valè e ki respekte lavi chak grenn endividi. Tout sa yo se pou kanpe tennfas ak gwo maladi ak epidemi k ap taye banda sou latè, tankou kansè, dyabèt, maladi mantal yo, elatriye. Nan okazyon Jounen mondyal sante mantal la, Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) ankouraje otorite yo nan monn nan pou yo envesti nan sante mantal popilasyon yo paske maladi mantal yo ap pran pye  sitou nan peyi ki pi pòv yo.

Kisa ki sante mantal la? Kisa yon maladi mantal ye? 
Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) defini sante mantal tankou yon santiman byennèt chak moun santi e ki pèmèt yo reyalize, ekspoze, eksplwate potansyalite yo, pou yo kapab fè fas kare ak pwoblèm lavi a, epi pote sa yo kapab bay kominote y ap viv la. Yon maladi mantal, se yon twoub ki afekte fason moun panse, aji, konpòtman, ekspresyon, elatriye… Li bay moun lan pwoblèm nan kapasite pou l fonksyone. Li anpeche l adapte l tou ak reyalite l ap viv chak jou.

Tankou tout lòt domèn ki konsène moun nan peyi a,  (manje, sekirite, edikasyon) domèn lasante pa gen okenn enpòtans pou otorite yo. Prèv la parèt byen klè nan bidjè nasyonal la. Yo rezève sèlman 4% bidjè egzèsis fiskal 2020-2021 an pou ministè Sante piblik ak Popilasyon (MSPP). Si lasante pa gen enpòtans nan peyi nou, sante mantal la pa vle di anyen ditou. Se 1% nan bidjè a yo rezève pou li, pandan sante mantal se dezyèm pi gwo pwoblèm laswenyay Ayiti ap afwonte aprè aksidan kadyo vaskilè yo. 

Sèlman de sant sante mantal an Ayiti
Selon yon dokiman ministè Sante piblik ak Popilasyon (MSPP) pibliye nan lane 2011 nan kolaborasyon ak OMS ak Òganizasyon Panamerikèn Lasante (OPS), peyi a gen 27 sikyat, sa vle di 0.27 sikyat pou chak 100.000 moun. Nan 27 sikyat sa yo, 70% sa vle di  19 nan yo ap travay pou ONG sèlman oswa nan klinik prive yo. Rès 30% an, ap travay pou leta ak prive an menm tan. Peyi a gen 14 doktè ki pa fè espesyalite yo nan sikyatri poutan k ap travay ladann, sa ki fè nou gen 0.14 doktè sa yo pou chak 100.000 moun ; 36 enfimyè, 0.36 pou chak 100.000 moun; 194 sikològ, sa ki fè gen 2 sikològ pou chak 100.000 moun ; 86 travayè sosyal, yon (1) ègoterapet ak yon (1) newològ. Leta gen sèlman de sant sikyatri pou 27 750 km kare, pou anviwon 11 milyon moun :  Sant Mars&Kline ak Sant Défilé Beudet.

Nèf lane pita, se menm sant yo ki toujou egziste pandan popilasyon an ap ogmante e yo toujou ap mal fonksyone.  Sant Mars&Kline ak Sant Défilé Beudet met ansanm pa gen 200 kabann pou resevwa pasyan. Pandan tan sa, kondisyon yo ap reyini chak jou pi plis pou pwovoke plis malad mantal nan peyi a: depresyon, chomaj, peyi lòk, ensekirite, vyòl, kidnapin, elatriye. Leta a absan e sosyete sivil la pa akòde twòp enpòtans a koze sila. 

Pwoblèm sante mantal pa zafè sikyat, sikològ, sila ki malad yo, paran pwòch yo sèlman. Se zafè tout sitwayen nan peyi a. Kidonk fòk nou fòse leta a pran responsabilite l. Moun fou yo ap toujou ogmante toutotan bon jan dezisyon pa pran sou koze twoub mantal nan peyi a. An reyalite, pa gen twòp enstitisyon an Ayiti ki entèrese ak sijè sa. Nou ka konte tankou Festival kat chemen ki te entèrese l a koze sa nan lane 2019 la : (fraz limyè festival la se te: Tous les hommes sont fous) ak ISMA (Inisyativ Sante Mantal Ayiti), ki se yon asyosyasyon nan zafè sante mantal nan peyi a k ap reflechi pou  pote solisyon a pwoblèm sa. Gen Asosiyasyon Ayisyen Epsikoloji ki vle ede popilasyon an tou. Yo kreye yon liy telefòn pou bay asistans epsikolojik a moun ki nan bezwen : 2919-9000. Gen yon lòt sèvis asistans epsikolojik ministè Edikasyon nasyonal  ak Fòmasyon Pwofesyonel (MENFP) ansanm ak òganizasyon Volontarya  pou devlopman Ayiti (VDH) ki ofri jèn yo èd yo tou : 8113. Anplis de sa, gen pwofesyonèl lasante ak kèk chèchè ki òganize kolòk syantifik ak lòt evenman pou ankouraje moun reflechi sou domèn sante mantal la men leta ayisyen bezwen rekonèt sante mantal la se yon nesesite e envesti ladann.

 

Sous: Inisyativ Sante Mantal Ayiti(ISMA)/5èm RGPH, fen 2018 : Sant Mars&Kline ak Sant Défilé Beudet