DECEMBER 9, 2022
  • DECEMBER 9, 2022
  • Chicago 12, Melborne City, USA
Kilti

Vibrasyon, yon powèm André Fouad

«Djoumba pou dlo ble » se yon rekèy powèm André Fouad ekri ki sòti nan edisyon Freda nan lane 2022. 

André Fouad se yon powèt pwolifik. Komedyen, jounalis, animatè atelye, André Fouad resevwa yon dividal pri literè depi lè li koumanse fè pwezi sa gen plis pase 30 an. Nan «Djoumba pou dlo ble » André Fouad gade rapò nou ak lanmè. Se sou lanmè nou te vini. Se sou lanmè souf nou pwale. Otè a travay sou yon tematik anpil powèt peyi Dayiti travay deja.  Li rive dekouvri yon mizik, yon silans, yon souf ! Nou salye powèm li yo.

 

N daku ya

Lanmè a tèlman bèl li jouke m
Jiskaske mwen vin pòtre drivayèz
Mwen niche pye vag yo toupatou
Jouk mwen ayik
Foli m make chak kadans li
Epi mwen tanmen ekri pwezi-mizik kòn lanbi
Wòch galèt kache
Agwetawoyo sèl long vi m
Sèl marasa koukouy mwen
San manti cheri lanmè a fout anraje
Kite bèl dèyè tèt li
Li fè m kouri a kat pat
Lè l soufle nan tout twou pòt kò m
Timoun o! Timoun o! Men lanmè
Lanmè o! Lanmè o! Men timoun
Fanm o! Fanm o! Men lanmè agwetawoyo
Lanmè o! Lanmè o! Men fanm
N daku ya
N daku ya
N daku ya
Gad jan lavi bèl
Lè fanm pran plas lanmè.

 

Vibrasyon 

Chak fwa mwen gade foto sa

Mwen retranpe kè m ak yanvalou souvni

Lanp tèt bòbèch

De ba savon lave

Yon lesivyè ap satouyèt

Dlo wòch la rivyè

Lanmè lave pye vil yo

Kimen rèv nan kwen menm.

 

Gade l 

Dlo desann kouri nan rigòl

Nwaye kè papiyon plen bouch

Mwen pote flè linosans

Chak zwazo tonbe andetrès

Pa mande m pouki e kouman

Si mo m yo pran nan pwa grate

Tout jounen

Tout lannwit.