DECEMBER 9, 2022
  • DECEMBER 9, 2022
  • Chicago 12, Melborne City, USA
opinyon

Timoun 2000, ant majinalizasyon, esklizyon ak vyolans senbolik

Depi kèk tan, sosyete ayisyèn nan ap absòbe yon seri eslogan. Yo soti tribòbabò, pasi pala tankou kout flèch, yo pèse tisi sosyal la pak an pak, dechire fèy kaye diyite n pou detwi tout sa nou posede kòm valè. Wana, ti mamoun, lobèy, madan papa, lave latchaw, an bèt, men l ap fè san, tou ranni… Se konsa. Y ap fè alarive, chak sa ki pase fè kont ravaj li. Epi li kite plas la pou yon lòt. Jodiya se «Timoun 2000 yo » k ap fè yit. Yon eslogan ki parèt pi resan, pi mache e pi danjere. Se dènye zam silansye nèg yo lanse pou fini ak tout yon jenerasyon.

« Yo nan tout sa k pa bon », se fraz sa ki rezime yon ansanm estereyotip ki fòme diskou sa yo konstwi sou jenn ki fèt nan lane 2000 yo. Moun k ap pote diskou sa yo fè konnen se yon  jenerasyon peyi a pa t ko janm konnen. Yo nan pwogram pi souvan, yo livre kè yo ak kò yo pi fasil, yo pa pè ni respekte anyen. Yo san limit. Yo prè pou plake ak nenpòt moun. Sa madan marye pa ka fè osinon jennen pou l fè a, timoun 2000 lan ba w li nan yon bat je. An gwo, pale de timoun 2000 pou moun sa yo se pale de yon pakèt moun gate, yon jenerasyon pèvès, devègonde, deraye, dewoute, ki lòt non ankò ?

Pwopozisyon pou yon lòt entèpretasyon
Nan tout sosyete, gen yon seri enstitisyon ki responsab sosyalizasyon moun. Nan lis la yo konnen fanmi, legliz, lekòl, medya, elatriye. Yo la pou entegre endividi yo nan sosyete a pandan y ap transmèt yo yon seri nòm, prensip ak valè soyete a egzije. Lè sa pa fèt, nou tonbe nan yon sitiyasyon kèk sosyològ rele « anomi ». Anomi an tradui yon figi kote nòm ak prensip ki dwe gide konduit (aksyon) moun nan sosyete a pa egziste osinon yon ka kote sosyete a egzije yon rezilta, li mande endividi a suiv yon liy san l pa kreye mwayen ni ba l okenn akonpanyeman pou l rive atenn objektif la. Lè sa, vin gen devyans, depravasyon pa rapò ak nòm konduit kiltirèl yo egzije moun nan epi lòt modèl konduit ki vin jwenn lejitimite yo nan sosyete a. Èske se pa sa ki rive an Ayiti ?

Nan sans sa, timoun 2000 se yon gwoup jèn depi yo fèt ki jwenn peyi a plonje nan yon kriz san fen. Yon kriz sistemik ki kraze tout sa l jwenn sou wout li tankou yon ouragan. Timoun sa yo jwenn fanmi krake, lekòl kraze, legliz deraye. Se rabòday k ap kòmande. Non sèlman aktè yo vin pèdi misyon yo nan sosyete a, yo pran nan kontaminasyon mal yo pa t konbat la. Kounye a y ap kontamine moun yo ta dwe sove yo. Medya menm se youn nan kanal ki ponpe ewozyon ki detwi tout valè epi lage nou nan dezè moral sa. Jeneralman, chak jenerasyon toujou santi bezwen pou yo jwenn idantite yo epi endividi a toujou bezwen afime l nan sosyete a. Sa fè yo adapte yo a pratik yo jwenn nan, yo idantifye yo ladann epi afime yo ak li.

Kidonk, timoun 2000 lan se yon viktim. Yon wana k ap mache fè lobèy  an kachèt, li p ap pè kraze fwaye w  paske l fèt tou madan papa. Ou mèt poulòp sou li anbourik l ap resevwa w an bèt menmsi l konnen l ap fè san. Timoun 2000 lan se rezilta yon pwosesis dekonstriksyon sosyal ki akouche yon vag vyolans, demounizasyon, detounman minè, elatriye. Krim sa pran pye nan desizyon sosyete a pran pou bonbade jenès la ak plezi sou pretèks ayisyen renmen banbòch. Konsa yo p ap gen tan pou refechi, yo p ap gen kapasite pou kesyone aksyon leta ak lòt moun k ap gouvène yo. Epi l ap pi fasil pou zòt eksplwate yo. Se yon mwayen pou lage moun nan sèvitid.

Nesesite pou yon kont diskou
Zafè timoun 2000 lan se yon diskou seksis ki charye dèyè l yon konpòtman matchis moun dwe konbat sou tout fòm. Nan diskou sa, se jenn fi yo ki sib la. Li pa fè referans ak jenn gason yo. Se yon tandans ki ranfòse dominasyon maskilin nan e desann valè fanm nan sosyete a. « Se timoun 2000 yo k ap mennen », yon fraz k ap fè pwomosyon pou pedofili nan sosyete a. Pou nenpòt moun, kelkeswa laj li ak estati sosyal li jwenn baryè lib pou abize jenn fi ak adolesan. Di se timoun 2000 yo k ap mennen, se di madan marye yo, lòt jenn fi ak fanm ki fèt nan ane anvan yo pase mòd. Èske timoun sa yo se objè n ap itilize ki pral pase mòd apre yon tan ? Sou ki baz pou n dakò modèl trètman sa yo kont fanm nan yon sosyete ? Eske diskou sa pa gen tandans ranfòse vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi nan tout peyi a?

Anplis de sa, se yon diskou pejoratif ki pote tout mak diskriminasyon, esklizyon ak vyolans senbolik nan kategorize e rabese yon jenerasyon nan soyete a ki jwi menm dwa ak tout moun. Se yon konpòtman ki atake gravman diyite jenerasyon jenn fi ki fèt nan ane 2000 yo. Li vyolan, li dominan. Daprè siyifikasyon diskou sa a bwote dèyè l, otomatikman w di yon moun timoun 2000, ou tou di l bouzen, kipid, pèlen, deraye ak tout lòt vye kalifikatif ki ka atenn pèsonalite yon moun. Yo rejte yo kòm yon kategori ki gen move etikèt nan sosyete a. Èske se yo ki responsab ? Èske yo patisipe nan tout desizyon ak konpòtman (aksyon ou omisyon) ki mennen sosyete a nan nivo li ye a oubyen yo jis sibi konsekans enkonsekans nou yo?

Fòk nou mete yon fren nan model diskou sa
Diskou timoun 2000 lan parèt danjere pou plizyè rezon. Akote baryè lib li ouvè pou pedofili, vyolans sou fanm, diskrimasyon ak tandans pou yo rezime jenn fi a  ak sèks sèlman, li fabrike yon konsantman kay anpil jenn pou aksepte tèt yo kòm dechè e dakò tout sa ki vin sou chimen yo paske l detwi estim yon pakèt. Se yon kòd pou trennen yo nan labatwa. Y ap manipile yo, epi y ap itilize yo mete sou sa. Nan menm lojik sa, y ap prepare opinyon sosyete a pou aksepte nenpòt sa ki ta rive jenerasyon sa paske tout moun te gentan asepte yo pa bon e ba yo vag. Nenpòt sa ki ta rive, tout moun pral di se yo ki chache l. Aksepte yon sitiyasyon kote agresè yo jwenn konsantman avèg agrese yo epi sosyete a fèmen je l sou sa, se tankou n tou siyen disparisyon jenerasyon sa.

Minimize risk pou fenomèn sa koze gwo dega nan sosyete a egzije an premye pou kèk moun pran responsabilite yo. Gen yon pakèt k ap eseye demake yo pou yo ka di se pa sou jenerasyon pa yo deriv yo rive lwen konsa. Men kisa yo te fè ? Non. Se pa jenerasyon 2000 lan ki responsab. Lide sa se sitou lide Niensky METELUS, yon jenn antwopològ ayisyen ki panse jodiya li enpòtan pou n kesyone fanmi, legliz, lekòl e menm medya yo sou deriv sa yo olye nou lage chay la sou moun ki deja viktim yo. Responsabilite sa dwe pataje ant aktè nan sosyete a, sitou sila yo ki nan jenerasyon anvan ki prefere antre nan diskou fasil la olye yo pran yon distans pou wè ki kalite vid yo te kreye ki lakoz nou rive la. 

Nan sikoloji konpòtman, nati moun pa aksepte vid. Si w kite yon vid, ap gen yon bagay k ap konble l. Akoz de sa, pou elimine yon konduit (abitid), fòk nou ranplase l ak yon lòt. Gen moun ki ale pi lwen pou di si pou n elimine yon pasyon, nou dwe devlope yon lòt pasyon ki pi fò pase sa n vle ranplase a. Jodiya li klè rabòday la se zouti yon gwoup moun itilize pou kidnape lavni yon jenès e domine sosyete a. Yo envesti ladan ase pou jwenn rezilta nou gen la. Men, malgre van ak tanpèt, fòk nou pote yon kont diskou fas ak pwazon timoun 2000 lan epi devlope yon estrateji pou redui enfliyans DJ debòde yo ki reprezante yon vrè menas pou avni peyi a.