DECEMBER 9, 2022
  • DECEMBER 9, 2022
  • Chicago 12, Melborne City, USA
repotaj

Rivyè abandone, Popilasyon abandone: inondasyon nan Port-de-Paix menase kominote yo

Absans sèvis piblik nan Port-de-Paix, Haiti, lakoz yon kriz san fen nan vil kotyè sa, kote rezidan yo ap lite pou sove kay yo fas ak inondasyon. 

PORT-DE-PAIX, Ayiti —Kay Anélie Ulysse ki sitiye nan Nan Palan, yon katye kotyè tou pre Rivyè Port-de-Paix a, raple l anpil souvni. Li menm ak defen mari l ak senk (5) pitit li yo te rete la pandan plis pase 20 lane. 

Men nan dènye tan sa yo, kay la ki te konn toujou plen aktivite, vin make dezolasyon. Li ap viv poukont li nan kay an tòl sa. Inondasyon lakoz labou anvayi de (2) nan senk (5) pyès kay la, pa gen mwayen pou rantre ladan yo ankò.  

 Nan katye kote Anélie rete a, kay yo konstwi youn sou lòt, gen kèk ki konstwi sou yon baz eleve pou ede evite dlo inondasyon yo, epi genyen machan, anjeneral, moun nan katye a k ap vann manje kuit. Se sèlman de (2) kay ki separe l ak Rivyè Port-de-Paix a, rivyè sa pote menm non ak vil la. Vil kotyè sa pa genyen sistèm drenaj ak tretman dlo izaje. Zòn sa pa genyen yon sistèm pou ranmanse fatra nonplis. Fatra yo jete nenpòt kote tounen yon malè pandye sou zòn sa. Fatra sa yo souvan bloke pasaj rivyè a, sa ki lakoz inondasyon lè gwo lapli tonbe. Yon sitiyasyon ki afekte plizyè santèn fanmi ki nan alantou a. Kòm li enposib pou konn ki enstitisyon ki responsab pou netwaye rivyè a, yon gwoup sitwayen nan zòn nan reyini regilyèman pou ranmase fatra - men ak debwazman e chanjman klimatik ki lakoz lapli ak inondasyon yo vin pi gwo pandan sezon lapli a, sitwayen sa yo santi y ap goumen nan yon batay yo deja pèdi. 

Anélie konte sou jantiyès vwazen l yo pou ede netwaye kay la lè gen inondasyon. Pitit fi l ak bofis li te rete nan kay la avè l, men bofis la te vin mouri nan kay la apre yon maladi tou kout. Apre lanmò a, pitit fi a pa te kapab rete nan kay la ankò, li te al viv ak paran defen mari a. Yon opsyon Anélie pa genyen li menm.

"Sa se lakay mwen. M pa gen okenn lòt kote pou m ale,” madanm 62 lane a fè konnen. "Sa ki fè m pi pè, se inondasyon pandan lannwit."

Dènye fwa kay la te inonde se te nan mwa jen 2022, nan kòmansman sezon siklòn nan an Haiti. Avèk èd vwazen l yo, li te rive netwaye kay la, men kòm de (2) nan senk (5) pyès kay la gen sòl ki fèt an tè, labou anvayi yo nèt, yo vin enpratikab. 

“Youn nan vilnerabilite vil Port-de-Paix pa rapò ak inondasyon, yo itilize ti basen vèsan yo yon fason anachik,” Rethone José, yon agwonòm ki se direktè pwoteksyon sivil nan depatman Nòdwès, ki baze nan Port-de-Paix fè konnen. Li se responsab prevansyon, mitigasyon ak preparasyon kont dezas nan rejyon an. Li di plizyè nan basen vèsan yo an Haiti, espas tè kote dlo soti pou al vide nan yon kanal e ki esansyèl pou reglemante pasaj dlo anndan kanal sa yo, sibi anpil domaj akoz debwazman. 

Rivyè Port-de-Paix a soti nan basen vèsan La Croix Saint Joseph, nan twazyèm seksyon Port-de-Paix. Rethone di se te yon zòn pwoteje men kounye a yo konstwi kay ladan. Nan ven (20) dènye ane sa yo, gen yon degradasyon akselere basen vèsan sa," li fè konnen. "Degradasyon sa gen pou wè ak aktivite moun," li ajoute, an referans ak kay ki bati sou wout dlo a. 

Se pa sèlman ewozyon sou gwo espas tè ki alimante rivyè yo ki vin ran yo plis vilnerab fas ak inondasyon, men se jan kondisyon meteyo yo ap chanje chak jou. Chanjman klimatik yo pote pi gwo lapli, epi pou sila yo ki rete pre rivyè sa, sezon lapli a pi danjere pase sezon siklòn nan.

"Anjeneral, selon fòs inondasyon an, nou estime yon kantite 200 fanmi ki konn inonde nan zòn ki anba rivyè a," Rethone fè konnen.

Anélie fè konnen inondasyon ki te fè plis dega a te pase nan lane 2004, lè siklòn Jeanne te frape zòn nan. Li te pèdi tout bagay nan kay la, apre sa, li te oblije rekòmanse a zero. Men efò pou repare kay la pa janm ka abouti akoz problèm inondasyon an ki pa janm sispann, gouvenman an pa ede netwaye oswa rekonstwi. 

 “Se vwazen yo ki toujou ede m netwaye kay la apre chak inondasyon,”li di nou.

Se mank asistans sa a ki pouse moun ki abite Nan Palan yo mete tèt ansanm pou mete sou pye Klèb Jèn Volontè Pwogresis. Gwoup la gen 20 moun ladan, yo reyini regilyèman pou retire fatra nan rivyè a epi ede kominote yo a reprann li apre chak inondasyon. Men san yon sistèm anplas pou ranmanse fatra, volontè yo jete fatra ki soti nan rivyè a sou yon plaj ki tou pre a.

"Nou konnen li pa bon, men otorite lokal yo pa ban nou espas pou n jete fatra yo," Benley Joseph ki se manb klèb la fè konnen. "Nou oblije jete yo nan lanmè a."

Tank inondasyon yo fèt pi souvan, se tank travay netwayaj gwoup la ap vin pi difisil. “Meri a pa janm ede nou, menm lè nou mande yo èd,”Kermly Joseph, yon lòt manb klèb la fè konnen. 

Òganizasyon tankou Pwogram Nasyonzini pou Devlopman, Ajans Etazini pou Devlopman Entènasyonal, ak Biwo Delegasyon Depatmantal Nòdwès Haiti te eseye netwaye rivyè a, men toutotan leta pa pran responsablite l pou netwaye rivyè a regilyèman, pwoblèm nan ap vin pi mal. Rethone deklare.

"Rivyè a vin tankou yon kabrit ki gen plizyè mèt," li di nou. "Youn ap gade sou lòt la lè pou yo ta al chanje l, sa fè l ret mouri nan solèy. Sèl viktim nan se popilasyon an.” Rethone kwè swa Direksyon Depatmantal Ministè Anviwònman, swa Ministè Travo Piblik, Transpò ak Kominikasyon swa biwo meri vil la, youn nan enstitisyon sa yo gen responsablite pou jere rivyè a.

Okenn nan 3 enstitisyon sa yo pa te fè kòmantè sou sitiyasyon sa, lè nou te kontakte yo.

Rethone di nou pandan gen pwogrè ki fèt pou fasilite rivyè a koule san pwoblèm – Sa gen 10 lane konsa depi Pwogram Nasyonzini Pou Devlopman te finanse kontriksyon gabyon —Men pakèt fatra ki nan rivyè a fè tout travay sa yo pa itil anyen. Li di, "nou dwe toujou asire n rivyè a netwaye."

Anélie vle repare kay la epi rekòmanse biznis vann manje, tankou fwi ak diri. Li te fèmen biznis la apre lanmò bofis li a. Granmè sa pa sèlman ap viv nan yon eta kote l ap repare ak rekipere apre chak inondasyon, men li toujou ap eseye reprann li anba chagren ak doulè dezas natirèl pote nan lavi l, tankou lanmò frè li a nan siklòn Jeanne. Siklòn nan te frape kay frè a nan lane 2004.

“Se tout lapenn sa yo ki pral touye m,”li di nou.

 

NB: Se Global Press Journal ki pibliye atik sa: https://globalpressjournal.com/americas/haiti/abandoned-river-abandoned-residents-port-de-paix-flooding-threatens-communities/