DECEMBER 9, 2022
  • DECEMBER 9, 2022
  • Chicago 12, Melborne City, USA
Sosyete

Rale lajan, yon reyalite nan sosyete ayisyèn nan

Pratik sa a nan sosyete a depi vyèy dat. Zafè rale lajan an ka parèt difisil pou w konprann li. Men temwanyaj moun nan yo ki viktim zafè rale lajan an deja, vivan. Yo fè konnen se yon pratik mistik ak mayitizè l ye. Konsa tou, gen moun ki panse se yon mannèv byen rapid yo fè pou pran lajan an, san moun ki gen lajan pa dekouvri sa, sa vle ki pa fòseman mistik.

Pratik rale lajan gen plizyè non nan peyi a, parapò ak zòn nan. Men yo plis konnen l sou  non ti sannit, ti talbè ak ralba. Franckel Dave Worff Jean-Louis se yon ougan Latibonit nan komin Senmak ki gen badji l nan lokalite  Janton 2, esplike gen moun ki gen ti sannit la se kay yon amatè l al fè l konsa tou li kapab se ginen moun nan ap sèvi ki bal pouvwa pou rale lajan an. Ougan Franckel di zafè rale lajan an se yon bagay mistik menm lasyans pa konprann men se pa lajan tout moun tisannit ka rale. Yon moun ki gen fòs mistik pa l, ou pap ka rale kòb li. Konsa tou gen moun k ap fè biznis k al fè regleman kay yon amatè pou yo paka rale lajan l.

Gen moun ki fè kwè se lajan ameriken sèlman yo ka rale men pou yon mayitizè ki pa vle non l site, ki sèvi ak liv mistik pou fè gwo mirak, di nenpòt lajan ka rale men se lajan papye pou l ye li mèt se goud, pèso oubyen dola. Li fè konnen tout bon mayitizè gen ka pasite pou l wè konbyen kòb yon moun gen sou li. Li presize dèfwa se yon loko ki pran lajan an sou moun lan aprè mayitizè a fin fè resèt li men dèfwa tou mayitizè a aprè l fin detekte yon moun gen yon kòb sou li, li ka rekòmande moun nan ba l kòb la san l pap konsyan kilès li te bay li. Men li di yo pa ka fè yon moun ki gen pisans mistik ak espirityèl sa, paske sa p ap ka mache.

Gen yon responsab yon gwo magazen anba lavil la ki mande pou non l pa site, viktim plizyè fwa zafè rale lajan an, li di yon lè l t ap al met kòb labank men se dola ameriken kòb la te ye. Li te separe kòb la met nan plizyè pòch. Pandan l monte yon machin gen yon mesye ki te nan machin nan ki mande l pou l boukante plas ak li men l te refize. Apresa mesye a di " oooo, gad kòb ameriken, gad kòb ameriken !". Apresa mesye a desann machin nan. Li te vin desann aprè, lè lide l di l gade se nan yon sèl pòch li te jwenn yon kòb ki pa t anpil paske kòb sa te kase nan lanvè ki fè yo pa t ale. Sa ki fè li te nan gwo pwoblèm ak patwon l daprè sa li esplike.

Madan Viktò li menm se yon gwo kiltivatris nan Latibonit, li di yon lè li menm ak mari l te kiltive anpil patat epi li te deside vin vann Pòtoprens pito pou l te ka fè plis kòb. Se konsa pandan fin vann li t ap al fè pwovizyon pou retounen lakay li, gen yon madanm ki bal yon gwo kout pwen nan do, li di l joure dam nan paske l pa konnen l ni li pa t gen anyen ak li. Lè l fin fè pwovizyon an, li ouvri valiz li pou l pran kòb pou l peye. Se yon pakèt fèy papye li wè. Pou li menm se dam ki te ba l kou a ki rale lajan an, li di si l konnen li pa t reyaji pou kòb la pa t ale.

Silianise Danton yon madanm ki gen boutik devan lakay li, di li pa t janm kwè nan pratik rale lajan an lè l konn tande y ap pale sa. Men se lè sa rive l pandan l al achte nan yon lè nan yon magazen li vin resi kwè sa egziste vre. Li esplike pandan l ap achte gen yon lòt mesye ki te vin achte tou. Lè l fin achte li gad nan bous li, li pa wè kòb la. Lè l di pandan li nan magazen an li t ap achte a, li te verifye kòb lan la. Mèt magazen an depi se konsa kòb la paka pèdi la a, li mande l konbyen kòb li a te ye ak kijan li te repati. Aprè sa, mèt magazen an fè yon fouy sou tout moun nèt ki te la. Li di, li sezi malgre mesye ki te vini pandan li t ap achte a pa t tou prè l, yo jwenn kòb la nan pòch li, kantite li te di a ak jan l te esplike l ye a.

Gen moun ki di yo konn rale kòb yo tou lè y al chanje dola ameriken nan lari. Men enfòmasyon yo fè kwè sa pa fèt menm jan ak lè se ak ti sannit yo rale lajan an. Devan yon ti pòs Polis tou kole ak yon mache piblik nan Pòtoprens, gen anviwon yon dizèn moun k ap mennen aktivite chanje lajan an.

Plizyè nan yo pa t vle pale sou zafè rale lajan an, gen youn ki te deside fè yon ti pale kanmèm sou kouvèti anonima. Li di zafè rale lajan moun ki vin chanje kòb la, li pa di sa pakonn fèt lòt kote, men sa pajanm repete nan blòk sa a. Daprè li, si sa ta rive yon moun li pakwè sa gen pyès mistik ladann men pito se yon teknik moun k ap chanje kòb la ka itilize byen rapid devan moun ki vin chanje a malgre li ta wè kòb la kont poutan se pa vre, lè moun lan rive lakay li, li ka jwenn kòb la manke. Epi l panse se rale yo rale ladann.