Anons
Lang kreyòl la se gadyen eritaj kiltirèl nou
Douvanjou Web Media ap resevwa tèks pou piblikasyon gratis nan imèl sa : ayitidouvanjou@gmail.com

aktyalite
Anons
Douvanjou Web Media ap resevwa tèks pou piblikasyon gratis nan imèl sa : ayitidouvanjou@gmail.com
Nan dat 31 jiyè 2023, jounalis militant dwa moun Liliane Pierre-Paul mouri aprè yon kriz kadyak selon fanmi li.
Nan yon nòt Rezo Nasyonal k ap Defann Dwa Moun nan rann piblik 1e out 2023, RNDDH eksprime lapèn li pou potorik fanm sa ki ale kite nou avan lè, yon militant dwa moun ki fè anpil sakrifis pou penmèt dwa demokratik yo sou baz respè ak reyalizasyon dwa moun yo boujonnen nan yon peyi li te renmen anpil.
Fidèl nan lit pou respekte libète piblik yo, jounalis militant dwa moun nan Liliane Pierre-Paul, pa t janm rate yon okazyon, pandan tout karyè li, pou l raple dwa libète ekspresyon, dwa pou vote, dwa pou poze kandida ak garanti jidisyè yo se rezilta batay manch long jenerasyon pase yo epi ki dwe rete vivan nan ansanm valè ak prensip sosyete a.
Jounalis militant dwa moun Liliane Pierre-Paul te toujou kanpe bò kote RNDDH pou ede l chache solisyon nan moman tèt chaje yo. RNDDH deklare li pèdi yon bon zanmi, yon alye fidèl ki ap toujou rete nan kè òganizasyon an pou jan li ede yo, konseye yo depi lè òganizayon an egziste.
Estaf RNDDH la mete l byen ba devan lanmò jounalis militant dwa moun nan epi prezante kondoleyans bay tout fanmi l espesyalman manman li, sè ak frè li, pitit gason li, pitit fi li, pitit pitit li yo ak tout kòlèg ak zanmi li yo.
Lanmò Liliane PIERRE-PAUL kite yon gwo vid nan kè anpil moun ki pap janm tande 4è sonnen menm jan ankò.