Anons
Lang kreyòl la se gadyen eritaj kiltirèl nou
Douvanjou Web Media ap resevwa tèks pou piblikasyon gratis nan imèl sa : ayitidouvanjou@gmail.com

ekonomi
Anons
Douvanjou Web Media ap resevwa tèks pou piblikasyon gratis nan imèl sa : ayitidouvanjou@gmail.com
Depi kèk tan, goud la ap mete gwo diskisyon nan mitan anpil ayisyen. Gwo lobo pete ant kliyan ak machann, chofè ak pasajè kamyonèt e menm ant machann ak machann. Okenn nan yo pa vle pran goud la. Yo tout gen yon sèl repons, si yo pran l, lòt moun p ap pran l nan men yo.
Goud la pa premye pyès monnen k ap disparèt. Avan l te genyen 5 kòb, 10 kòb, 25 kòb ak 50 kòb. Pyès lajan sa a yo disparèt nan ekonomi peyi a tankou yon kout zèklè. Si pa gen anpil moun ki te poze kesyon oubyen santi yo panike lè disparisyon ti pyès monnen sa yo, ebyen pou goud la gen gwo kesyon k ap poze, gen gwo enkyetid, paske pou anpil moun, se goud la ki monnen peyi a.
Yon machann k ap fè diskisyon ak yon kontwolè nan kamyonèt kafou fèy deklare :« Mwen menm, m pa ka konprann lè se goud peyi a konnen, se goud la nou genyen, epi w ap bay yon moun goud la li pa vle pran l. Kisa m pral fè avè l mwen menm? » Bagay sa a leve yon gwo zen nan machin nan : « Nou pa wè pa gen anyen pou moun fè ak goud la ? Menm mant ak sirèt ou pa ka achte ak goud la alewè pou pate. »
Poukisa pèp la pa vle sèvi ak goud la?
Selon ekonomis Enomy Germain, gen 2 rezon fondamental ki eksplike disparisyon goud la nan ekonomi peyi a. Premye rezon an, se tèlman lavi a vin chè, sa yo rele enflasyon an grenpe monte 17 wotè, moun pa ka konsome anyen ak pyès monnen an ki vin pa gen okenn valè. Li oblije disparèt, li vin pa gen plas li.
Dezyèm rezon an, selon ekonomis la, se paske Leta pa fasilite tranzaksyon. E pou li, disparisyon pyès monnen sa a yo Leta depanse anpil kòb pou enprime a, se yon pwoblèm ekonomik fondamantal nan ekonomi peyi a. Kòb pou enprime yon goud vo plis pase goud la, selon sa l fè konprann. Enomy Germain eksplike pyès monnen sa a yo rele monnen divizyonè paske tranzaksyon ekonomik la pa ka fèt ak monnen fidisyè yo (gwo biyè yo) sèlman.
Leta pa di anyen sou goud la k ap disparèt la
Lè n konsidere yon peyi ki gen yon politik monetè kote Leta ap byen fonksyone, otorite yo konn deside antre yon pyès lajan pou yon rezon oubyen yon lòt epi enprime yon lòt. Men nan sa k ap pase an Ayiti a la, pri pwodui yo k ap grenpe monte nan syèl, se mizè k ap kase kou pèp la. Goud la pran pataswèl nan men dola a jouk li vole gagè. Aprè 5, 10, 25 ak 50 santim yo, se goud la k ap disparèt. Eske yon lè nou p ap wè 5 goud ankò ? Nou poko ka reponn. Men, li parèt klè, tant lavi a ap pi chè, se tant pyès monnen yo ap pèdi valè.
Akilafi Mustafi, yon etidyan nan inivèsite Leta a rakonte eksperyans li ak yon chofè kamyonèt. Li di : « M monte machin nan, m peye misye, li di m li p ap pran ti monnen sa yo. M di l : èske yo chanje monnen nasyonal la? Menm moman an, m pran yo m mete yo nan pòch mwen epi m tèt glas. M tou kòmanse chache ti goud yo pou m sèvi. Men nan ki nivo nou p ap fè peyi. Lajan ki se lajan peyi a, ou pa ka sèvi avè l epi Leta pa janm di anyen sou sa. Nou tankou ti kabrit ki lage nan savann.»