Anons
Lang kreyòl la se gadyen eritaj kiltirèl nou
Douvanjou Web Media ap resevwa tèks pou piblikasyon gratis nan imèl sa : ayitidouvanjou@gmail.com

Sosyete
Anons
Douvanjou Web Media ap resevwa tèks pou piblikasyon gratis nan imèl sa : ayitidouvanjou@gmail.com
Nan peyi nou, pa bò isit, kondisyon lavi yo pa fasil ditou. Anpil moun oblije bat dlo pou fè bè. Se ka moun ki deside pote pou sove lavi fanmi yo. Si swè yo pa koule chak jou, p ap gen lamanjay nan kay la. Kategori moun sa a yo espesyalize nan pote chay moun pou lajan. Yo rele yo pòtè. Travay sa a vin yon veritab metye nan peyi a. Timoun, fanm kou gason fè travay sila. Se gras ak li, anpil fanmi kontinye viv.
Pòtè yo pote tout kalite chay. Genyen ki pote sak chabon nan mache, gen lòt ki pote sak tè oubyen sak sab. Genyen se sak siman, genyen tou se manje : yanm, diri, farin, bannann, elatriye. Men yo pa òganize, youn pa konn lòt. Se chak koukouy klere pou je yo nan sektè a.
Yon tigason yo rele Jamson k ap travay kòm potè nan mache salomon an fè konnen li travay chak jou soti 5è pou rive 9è di swa. Li di : « Lè kamyon yo rive nan mache a, nou dechaje yo, nou mete machandiz yo atè. Nou chaje machandiz tou pou moun ki vin achte nan mache a. Nou pote machandiz moun k ap achte yo nan estasyon kamyonèt yo tou. Se sa nou fè chak jou pou yon ti kras lajan. »
Kouman moun yo fè tonbe nan metye sa a?
Gen kèk fanmi, zafè travay pòtè a vin yon tradisyon oubyen yon eritaj. Gen timoun tou ki grandi jwenn papa yo nan djòb potè a. Lè yo koumanse gran, y al ede papa yo pote. Travay sa a yo fèt nan katye a menm. Tankou yon moun ki bezwen jete yon pil ranblè, yon lòt ki bezwen pote yon kamyon sab. Se konsa yo vin gwo potè.
Pou yon lòt gwoup moun, se nesesite ki lakoz yo chwazi metye sa a. Yo di yo pa gen lòt chwa. Devan egzijans pou bay fanmi yo manje, peye lekòl pitit nan yon peyi ki pa ofri okenn opòtinite, pa gen moun ki ka kanpe gade. Yo bouche nen yo pou pran l jan l vini an.
Anpil nan yo, timoun yo pa konn ki travay y ap fè. Yo soti bonè, yo antre ta. Yo nan mache yo: kwabosal, Salomon, Tinèl, nan senkyèm; yo nan estasyon machin yo ak nan gran kafou yo: pòtay, kafou ayopò, anba lavil, elatriye. Genyen ki pèdi fòm fizik yo lè chay yo twò lou. Genyen ki pran pwen kay ougan e menm mete zonbi sou yo pou yo pote chay lou e fè plis kòb. genyen tou ki konn pa retounen lakay yo. Nan chache lavi, yo pèdi lavi yo anba bal mawon.
Kouman moun sa a yo touche ?
Leta nan peyi Dayiti pa pran ka travay sila a. Se moun k ap bay djòb yo ki fè pri kouraj potè yo. Genyen ki bay plis, genyen ki bay pi piti. Pòtè yo toujou ap plenyen paske moun k ap bay djòb yo pa byen peye. Men yo oblije pran l paske yon lòt moun ap fè l si yo refize.
« Yo pa byen peye nou. Lè w fin dechaje machandiz yo se pwopriyetè a ki deside konbyen lajan l ap peye w. Pa egzanp, lè w fin retire kèk sak mayi nan yon taksi, yo ka ba w 50 goud oubyen 100 goud. Ou pa ka reyalize anyen ak lajan sa paske li twò piti. Pafwa ou ka fè 500 goud pandan jounen an. Sa depan de konbyen moun ki bezwen potè oubyen konbyen kamyon ki vin dechaje machandiz nan mache a», se sa Jamson deklare. Li di : « Kilyan yo pa gen respè pou nou. Nou toujou ap ede yo men yo trete nou avèk anpil imilyasyon ».
Jan nou kapab wè sa, travay pòtè a an Ayiti se yon aktivite enfòmèl ki pa manke difikilte. Anpil nan moun yo pa fyè de li, yo pa satisfè men si se pa li menm, chodyè p ap monte lakay yo. Timoun yo pa pral lekòl, yo p ap ka gade fanmi yo nan je. Yo fè l ak kouraj paske li rete yon aktivite ki kenbe souf lavi yo ak lavi fanmi yo.