Anons
Lang kreyòl la se gadyen eritaj kiltirèl nou
Douvanjou Web Media ap resevwa tèks pou piblikasyon gratis nan imèl sa : ayitidouvanjou@gmail.com

Kilti
Anons
Douvanjou Web Media ap resevwa tèks pou piblikasyon gratis nan imèl sa : ayitidouvanjou@gmail.com
Òganizasyon Feminis Nègès Mawon ap òganize sizyèm edisyon Festival Feminis Nègès Mawon soti 25 pou rive 29 jiyè 2023 sou tèm “Pitit fi m” nan Pòtoprens, Okay ak Jakmèl. Òganizasyon Feminis Nègès Mawon pral souliye anndan festival sa dega prejije ak diskriminasyon fè nan lavi fanm depi lè y ap boujonnen. Ap gen plizyè aktivite nan kad festival la tankou : espektak, pèfòmans, lekti senik, pwojeksyon deba, konferans, difizyon an liy/repòtaj, salon nègès, eskpozisyon desen, elatriye.
Nan brase lide sou festival la, komite atistik la te deside remonte tan an pou yo sonje. Sonje premye branch ki kase anba pye yo, premye so. Tifi entèlijan, djougan, men bonè bonè yo fè yo pran fòm kò yo. Chanson pinga, pwennfèpa fè mikalaw nan zòrèy yo. Se tifi w ye! Tifi pa... Tifi dwe... Tifi se... Tifi se tout bagay sof sila yo chwazi ye. E souvan tifi pa konsyan li dwe kapab chwazi. Se dilere, e se la Òganizasyon Feminis Nègès Mawon pral souliye, anndan festival sa kijan baryè yo mete pou tifi redui chans li, ralanti li, kase zèl li, toufe flanm li.
« Tout fanm se pitit fi yon manman, yon matant, yon grann, yon nennenn ki konnen se nan sere boulon I ap jwenn yon bon fanm. Men li bliye li menm tou, avan li te poul, li te ti poulèt. Twòp presyon sou do fanm k ap leve tifi. Festival la se moman pou n kanpe gade, dyalòge, adrese tò silans fè nou. Kondane mache prese ki fè yo keyi tou wòwòt sila ki te dwe rete ap boloze nan frechè van», se sa Gaëlle Bien-aimé, kowòdonatris-direktris atistik festival la deklare.
Desizyon ane a pou Òganizasyon Feminis Nègès Mawon travay sou tèm «Pitit fi m» nan soti nan nesesite pou l adrese tout kalIte vyolans sou tifi. Selon Gaëlle Bien-aimé, sosyete patriyakal la derefize rekonèt mounite tifi. «Tifi pa frajil, nou frajilize yo. Tifi pa gen yon plas, li pran plas li vle. Nan vag lanmè osnon nan mitan zetwal, se li ki pou desise sou kisa ap banbile. Tifi se moun, li gen dwa, vwa li konte. Soti nan ripti brital adolesans li charye ak premye jou règ li, rive nan viv lavi fanm li nan lakrent jijman, laperèz yon anviwònman k ap devore I tou kri. Se yon lago kache pou move je ak enpinite.»
Selon Gaëlle Bien-aimé, «Pitit fi m», se yon konvèsasyon ak tifi yo te ye a, yo menm militan feminis anndan òganizasyon an, se yon bat bouch ak tout tifi ki bò kote yo, e menm pitit fi yo poko genyen an. « Edisyon sa a se yon jès lanmou pou tifi sa yo y ap chifonnen nan fanmi yo, nan lekòl yo, nan katye gang achte lajan kontan.»
Gaëlle Bien-aimé ajoute : « Nou kanpe nan mitan wonn nan pou nou danse ak yo, pou yo pa poukò yo, pou yo pa kwè yo pou kò yo nonplis, pou nou di yo: Ou gen tan w, m ap ride w pran tan w, tan pou w ponpe vòltije, pete kout ri kakaye. Chwazi nan twa fwa pase la sa w pi pito ant lalin ak solèy san fòse Ou ka vire, siw vle leve, pa tande yo k ap di w rabi pou repliye. Pran tan w ti pitit, paweze, sa nan dwa w pou w jwi tan w. Nou renmen w !»
Virewonn nan Sid ak Sidès
Festival feminis Nègès Mawon an kòmanse layite l deyò kapital la. Festival la te Okap nan mwa jiyè 2022. Ane sa, li Okay epi Jakmèl ak sipò Alyans fransèz yo. Pou mache kontre lòt atis, militan, pou marande lide, konsolide fòs yo, fè solidarite.
Nan okazyon an, manm Òganizasyon Feminis Nègès Mawon yo ap anime atelye teyat ak tifi nan vil Okay sou direksyon Emmanuela Bazile, ki li menm te jwe yon pyès li ekri : Twa fwa pase la » ki rakonte listwa yon tifi trèz lane ki grandi twò vit, yon fanm ki bliye anfans li nan kafou lagwòs aprè yon kadejak. Yo kare li ak bouwo a san yo pa mande I sa l panse ni sa li vle, li pa fouti fè diferans ant lanmou ak soufrans.
Envesti espas piblik la se premye jès senbolik festival la revandike depi nan kreyasyon li an jiyè 2016. Se nan lari a pou tout koze pale. Se nan lari a pou tout tanbou bat, leve danse sou lajwa n, rele anmwey nan zòrèy leta. Lari pa pou fi, alewè tifi. Nan mach atistik "Lalin ak Lolèy" la, tifi, jenn fi ak jennonm te mete men, marande jwèt ak pwezi pou di yo gen dwa, tifi gen pouvwa !
Jenn nan sant kiltirèl Maurice Cadet, Ajans Ai-legencia ak Atelye Jean Metellus ap anvayi lari Jakmèl nan yon pawòl lanmou ak libète.
Aktivite k ap gen nan festival la
Nan kad sizyèm edisyon festival feminis sa, ap gen plizyè aktivite nan Pòtoprens, Okay ak Jakmèl tankou : espektak, pèfòmans, lekti senik, pwojeksyon deba, konferans, difizyon an liy/repòtaj, salon nègès, eskpozisyon desen, elatriye.
Pwojeksyon/Deba
«Kalbas kouran» se non premye kou metraj Gaelle Bien-Aimé reyalize. Se istwa premye jou règ Eloyiz ak difikilte manman li Èda te genyen pou di li kichòy sou fenomen natirèl sila. Fim sa se Johanne Joseph, Elizabeth Cima ak Stephanie François ki jwe li. Aprè pwojeksyon an ap gen yon deba ak sikològ Wendy Adrien, doktè rezidan nan matènite chansrèl, Melissa Jean ak Michma Edmé, responsab òganizasyon RÈG.
Difizyon An Liy/Repòtaj
Nègès Mawon nan yon kolaborasyon ak Ayibopost ap prezante « Jou m fòme », k ap pase sou platfòm medya sa nan semèn festival la. Travay sa rasanble temwanyaj, enfòmasyon sou règ, enpak sikolojik li epi kijan sosyete a kondisyone tifi a pou li jennen epi pa alèz ak kò I jou li fòme.
Salon Nègès
Salon Nègès se yon repozwa, kote ou pase pou bwè yon ti kafe pandan w ap diskite, li epi gade ekspozisyon. Salon pou nègès yaya kò yo. Santi yo lib, konfye yo, kriye, ri fò!
Ekspozisyon Desen
Corine Bond gen kat blanch. Corine se desinatris, ilistratris, ane sa nan festival la li louvri yon fenèt sou entimite I. Li al chèche nan fen fon memwa I moman nan lavi I ki make l antanke tifi e antanke fanm li ye jodiya. Nan yon sans, se yon «self-portrait» eksperyans doulè ak bonè nan lavi li. Eksperyans sa yo fè li moun li ye jodiya men li espere yo ka yon avètisman e yon senbòl espwa pou lòt tifi k ap pase moman difisil.
Espektak
Pi Piti Pi Bèl, Pi Piti Pi Fò
Nennenn se yon zansèt ki pran plezi tounen chak swa vin tire kont ak timoun pa bò isit. Se fason pou li aprann yo kiyès yo ye, istwa yo, valè yo ak pouvwa yo.
Tifi San Non
«Tifi san non» se yon kolaborayon ak AHF, Aids Healthcare Foundation. Se yon travay ki la pou ekspoze yon ti lòsyè nan kisa vi yon tifi nan peyi Dayiti ye. Anpil fwa, se pou mete pwojektè sou sa k ap pase anba jip yo lè nou tout pran pòz nou pa wè,se pou pale de ki doulè ki tere nan fon kè yo ak loray kap gwonde sou demen yo.
Souvan nou tann se lè nou fin granmoun pou n chèche konprann ki kote chagren ak kochma nou yo soti. Alòske anfans ak adolesans yon moun se chimen ki mennen nan granmoun li. Fanm pa eksepsyon nan konsta sa, alòske kò ak lespri tifi sibi tout kalite menas, vyolans ak prejije nan sosyete a.
Espektak Stand Up Feminis «filles Faciles»
Se restitisyon yon atelye imou ki te fèt anvan festival la kòmanse avèk medam ki poko janm monte sèn pou fè teyat. Espektak sa pèmèt komite atistik festival la abòde estereyoptip ak prejije ki fèt sou fanm ak tifi ak yon apwòch komik.
Seri Tranche
Seri «Tranche» se yon nouvote nan festival la depi 2022. Tranche se yon seri ki pase sou radyo ak sou YouTube pandan semèn festival la. Ane sa, komite atistik festival la abòde vyolans sou tifi ak tabou yo nan seri a.
Lekti senik
«Les Mendiantes De Soleil»
Levasyon, edikasyon ak ankadreman se sa ki ede timoun grandi, konnen tèt li epi aprann defini rèv li. Sa yo pa ta dwe varye jis paske timoun nan se tifi. Kèlkeswa sitiyasyon li, ran li, kote l fèt tout tifi merite jwenn bon laswenyay ak mwayen pou li grandi, reve, imajine tout sa I ka vin ye e jwenn posiblite pou I vin tout sa I swete ye demen san menas okenn fòm vyolans pou vin etenn limyè li. Nan «Les mendiantes de Soleil», se yon koze konsa, Ti Mari ap pataje ak moun k ap vin gade yo.