Anons
Lang kreyòl la se gadyen eritaj kiltirèl nou
Douvanjou Web Media ap resevwa tèks pou piblikasyon gratis nan imèl sa : ayitidouvanjou@gmail.com

repotaj
Anons
Douvanjou Web Media ap resevwa tèks pou piblikasyon gratis nan imèl sa : ayitidouvanjou@gmail.com
HAUT-FOURNEAU, PÒDEPÈ, AYITI — Tulien Elucien pase tout jounen l nan mangwòv yo nan Haut-Fourneau ki twouve l nan zòn nòdwès peyi Dayiti. Li fè lapèch poukont li, kote l sèvi ak zen pou peche epi vann sa l trape chak jou yo nan mache. Tulien ap fè lapèch depi l te gen 12 lane e kounye a, nan laj 45 an, li sèvi ak konpetans li kòm pechè pou pran swen fanmi l. « Depi w antre anba pyebwa yo, manje timoun yo garanti, », se sa papa sa a ki gen twa (3) pitit fè nou konnen.
Tulien di mangwòv yo raple l anpil souvni, soti nan aprann peche rive nan pran refij kont move tan. Mangwòv sa yo non sèlman sèvi kòm liy sovtaj pou pechè yo ak yon espas pezib pou fanmi yo rasanble epi jwi lakòt la, men tou, yo se yon boukliye biyolojik enpòtan ki fòme yon baryè natirèl kont inondasyon, tanpèt, siklòn ak sounami.
An jeneral Tulien fè ant mil senk san (1,500) pou rive de mil (2,000) goud ayisyen (10-13 dola ameriken) pou chak pwason l kenbe, men l fè konnen mwayen pou li menm ak moun k ap viv nan zòn kotyè sa yo viv vin menase akoz sila yo ki koupe mangwòv yo pou fè chabon, yon pratik ki ka fèt sèlman ak pèmisyon Ministè Agrikilti, Resous Natirèl ak Devlòpman Riral.
Haut-Fourneau sitiye a 2 kilomèt lwès vil Pòdepè, sou kòt Atlantik la. Se yon ekosistèm enpòtan pou vil la, li gen ladan 250 ekta tè ki kouvri ak mangwòv. Espas sa a se yon refij pou tout fòm lavi ki nan lanmè a e se tou yon rezèv lamanjay pou zwazo. Li absòbe de (2) fwa plis kabòn pase forè twopikal, li redui gaz efè sè, sa ki ralanti fenomèn rechofman klimatik la. Ak nivo lanmè a k ap monte epi gwo tanpèt devastè ki frape peyi nan Karayib la souvan, mangwòv yo bay yon pwoteksyon vital, men yo se youn nan abita ki plis menase nan mond lan. Tout aktivite, soti nan elvaj kribich rive nan agrikilti, reprezante yon menas pou egzistans yo.
Ayiti se youn nan peyi ki te ratifye Konvansyon sou Divèsite Biyolojik nan lane 1996. Yon trete miltilateral 196 nasyon te siyen kote yo te pran angajman pou devlopman dirab. Selon konvansyon sa a, Ayiti dwe jere resous ak zòn natirèl li yo pi byen — forè mangwòv yo tou. Men, defansè anviwònman yo di gouvènman an pa toujou respekte angajman l.
Yon etid resan, etidyan nan yon lekòl jesyon anviwònman ki rele Lekòl Teknik Agrikilti ak Jesyon Anviwònman (ETAGE) te fè sou pwoblèm ki menase mangwòv yo montre prensipal enkyetid yo se debwazman ak fatra.
Lekòl la fè pati yon koperativ nan Pòdepè ki rele Asosiyasyon pou Agrikilti Biyolojik ak Ekonomi Lokal (AGRIBEL). Locéan Saintil, yon teknisyen agrikòl nan koperativ la, fè konnen twòp moun jete fatra yo nan mangwòv yo.
« Mangwòv yo pa dwe gen fatra - sa ap detwi yo, » Locéan fè konnen, e li kontinye pou l di lanmè a pote anpil fatra nan mangwòv yo, lè sa rive, fatra a rete kwense nan rasin pye bwa yo. Selon yon atik Gabriel Grimsditch, ki se ofisye jesyon pwogram nan Inite Ekosistèm Marin ak Lakòt nan Pwogram Anviwònman Nasyonzini, te pibliye nan lane 2021 « sachè plastik ak fatra moun jete kouvri rasin pyebwa yo ak kouch sediman yo, » sa ki «anpeche mangwòv yo jwenn oksijèn; epi fè bèt lanmè yo mal. »
Locéan estime gen twòp moun ki pa konnen wòl fondamantal mangwòv yo jwe nan anviwònman an.
« Fas ak chanjman klimatik la, mangwòv la se yon baryè kont tanpèt ak nivo dlo lanmè a k ap monte, » Locéan fè konnen. « Si l ta disparèt, abitan yo t ap dirèkteman ekspoze anba presyon van ak lanmè a. »
Efò ki fèt pou dekouraje moun yo koupe mangwòv la pou fè chabon amelyore sitiyasyon an, men pratik la kontinye.
Direksyon depatmantal nòdwès Ministè Anviwònman te òganize yon kanpay sansibilizasyon nan lane 2016, nan objektif pou l te ekri yon dekrè minisipal ki t ap gen pou l deklare zòn mangwòv la nan Haut-Fourneau kòm yon zòn pwoteje. Yo pa te rive reyalize objektif sa. Selon enjenyè riral, Owell Theock, agwonòm ak kowòdonatè kanpay la, kèk moun blame chanjman nan estrikti politik la an Ayiti ak chanjman nan priyorite yo kòm rezon ki lakoz sitiyasyon sa.
« Nou pa ka fè anyen san sipò leta », se sa li di nou, pandan l ap mete aksan sou èd ki nesesè pou limite aktivite moun nan mangwòv la.
Theock fè konnen trant (30) ajan sansibilizasyon te enplike nan kanpay sansibilizasyon twa (3) mwa sa a, yo te fè atelye ak pwofesè, etidyan ak pechè sou enpòtans mangwòv, plante ak rekòlte semans mangwòv, epi kreye yon pepinyè. Direktè depatmantal nòdwès ministè a, Luckner Noël pa t disponib pou fè kòmantè.
Michelet Doreste te konn koupe pye mangwòv pou l te vann moun pou fè chabon men kounye a l ap peche sou dlo lanmè ki nan zòn ekolojik enpòtan sa a.
Doreste di « Pou mwen koupe mangwòv la pa nan avantaj nou. Paske li pwoteje nou lè genyen siklòn ».
Doreste rekonèt li pa fè anpil lajan nan aktivite lapèch la men l di se yon chanjman ki nesesè paske se lavi moun ki menase.
Men, aktivite lapèch ka menase mangwòv yo tou; lapèch krab, pa egzanp, kontribye nan detwi mangwòv yo, paske pechè yo oblije fouye twou nan rasin pye bwa yo pou yo ka rive kote krab yo ye a, sa ki ka domaje rasin yo. « Sa ka lakòz plant lan pèdi nèt», se sa Theock di nou.
Manm AGRIBEL yo planifye pou travay ak pechè yo, pou asire yo gen bon materyèl pou yo peche sou lanmè a, e pou dekouraje yo peche nan mangwòv la. Locéan di materyèl yo itilize pou peche nan mangwòv la pa p pèmèt pechè yo peche nan lanmè.
Locéan fè konnen « mangwòv la se kote pwason ki soti nan lanmè a pran refij pou repwodui. » « Yo ponn ze yo nan mangwòv la epi kite ti pwason yo manje e grandi la jiskaske yo gen ase fòs pou yo retounen nan lanmè a. Reyalite kote yo kenbe pwason sa yo anvan menm yo retounen nan lanmè a fè lanmè a pa fètil. »
Koperativ la mete yon pepinyè mangwòv sou pye nan Haut-Fourneau e l ap travay sou yon pwojè pou entwodui apikilti nan zòn nan, ki pral ede polinize mangwòv yo epi pwodui siwo myèl.
Menm lè Tulien te patisipe nan atelye yo pou aprann plis sou konsèvasyon mangwòv e l dekouraje vwazen ak zanmi l yo koupe mangwòv yo, li oblije toujou fè lapèch pou l ka bay fanmi l manje.
Li vante tèt li pou l di, « lè m sot lapèch, moun k ap achte yo dwe gen anpil lajan pou achte pwason nan menm, paske se gwo pwason mwen kenbe.»
NB: Se Global Press ki pibliye atik sa. Douvanjou Web Media repibliye l nan kad yon patenarya ak Global Press.