DECEMBER 9, 2022
  • DECEMBER 9, 2022
  • Chicago 12, Melborne City, USA
aktyalite

Lajan pèdi, rèv gaspiye ak desepsyon, se listwa ayisyen sa yo ki kouri kite peyi Turquie pou retounen Ayiti

301 ayisyen ki t ap viv nan peyi Turquie antre Ayiti jedi 28 jiyè 2022 a gras ak sipò Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon (OIM) ak Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC). Anpil nan migran sila yo se jèn ki soti divès kote nan peyi a. Pami yo, te gen fanmi, etidyan, pwofesyonèl teknik, polisye, enfimyè, elatriye. Selon temwayaj yo, yo te kite Ayiti pou y al bouske lavi miyò nan peyi Turquie.

Pi gwo pwoblèm migran  sa yo t ap travèse nan peyi Turquie se difikilte ekonomik. Daprè yon jenn gason ki te nan mitan yo, se lagè ant Larisi ak Ikrèn nan ki lakòz lavi a te vin pi difisil. Dola a vin pran plis valè sou lajan Turquie a. 

Migran sa yo ki te rive travèse pou rantre nan peyi Turquie depanse plis pase 4 mil dola vèt pou peye fè dokiman vwajaj, achte tikè, peye ajans, sa lakòz yo vin gen anpil dèt. Anpil nan yo vin reyalize yo te pran nan ajans raketè lè yo rive nan peyi Turquie, paske yo te lage poukont yo. Tout pwomès ajans yo te fè yo, tankou yon mwa lwaye, kay gratis, posiblite pou fè etid, tout se te pawòl anlè pou ranmase lajan nan men yo. Malgre kondisyon malouk yo t ap viv nan peyi Turquie, ajans sa yo te fè gwo presyon sou yo lè yo t ap mande èd pou retounen nan peyi yo.

Selon temwayaj migran yo, li difisil pou ayisyen jwenn kote pou yo rete nan peyi Turquie. Anplis lwaye a ki chè, mèt kay yo pa aksepte plis pase 5 moun viv nan kay yo. Sa lakòz anpil nan yo oblije met ansanm ak migran ki soti an Afrik pou yo lwe kay. Pafwa, se aprè anpil sakrifis yo rive peye lwaye kay la paske se yon grapday monnen yo touche. 

Sitiyasyon ekonomik yo pa bon ditou pou ayisyen nan peyi Turquie. Anpil fwa, pou yo voye kichòy bay fanmi yo Ayiti, yo oblije prete nan men moun lòt peyi yon fason pou yo pa desevwa yo. « Ou wè mwen vini la Ayiti, menm fanmi m pa okouran. Mwen jennen pou m pase wè yo paske lespwa yo te bati sou mwen. M ap tou pase dwat ale Sendomeng», se sa youn nan migran yo deklare.

Retou volontè 301 konpatriyòt sila yo ki t ap viv Latiki a fèt nan yon kontèks kote peyi Dayiti ap travèse yon gwo kriz ekonomik ak sosyal, san n pa bliye latwoublay gang ap simen toupatou. Men nan menm moman sila a, akoz sitiyasyon malouk sa yo, yon dividal moun ap kouri kite peyi a. Li enpòtan pou nou raple tou, gen plis pase 17 000 moun ki retounen nan peyi a sèlman mwa jiyè a daprè nouvo rapò Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo (GARR) soti nan mwa out la. Yon lòt bò, kantite ayisyen k ap kite peyi a pou pran lanmè ap ogmante chak jou pi plis. GARR anrejistre 33 ka migran ki mouri neye nan lanmè karayib la ant mwa me ak mwa jiyè a.

Devan sitiyasyon tèt chaje sa yo, GARR gen gwo enkyetid sou kapasite peyi a genyen pou resevwa nan diyite tout kantite moun k ap retounen sa yo. Anpil ladan yo te pati pou sove lavi yo devan sitiyasyon latèrè ki blayi nan peyi a epi pou reyalize rèv yo, jounen jodiya yo oblije retounen nan peyi yo t ap kouri kite a pandan pa gen chanjman nan okenn nivo. Kidonk, voye moun yo retounen devan dèyè pa solisyon an. Dayè, anpil ladan yo pa gen entansyon rete nan peyi a nan kondisyon li ye a, yo ap retounen pati menm si yo pa repran menm wout anvan an.

Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye yo (GARR) ki se youn pami enstitisyon k ap defann dwa migran yo mande Leta ayisyen travay pou tabli bon  jan kondisyon ekonomik ak sosyal epi bon klima lapè pou pèmèt pitit tè a rete lakay. Konsa, yo pa p oblije riske lavi yo sou lanmè, antre nan rezo trafikan atoufè k ap eksplwate dezespwa yo nan pwomèt yo lavi miyò. 

Bon kondisyon sila yo p ap ka reyini tout bon vre si pa gen antant nan mitan tout sektè nan vi nasyonal la ak yon bon kolaborasyon ant Leta ak kominote entènasyonal sou yon vizyon koyeran ki ranmase respè dwa ak aspirasyon pèp la. Yon lòt kote, pandan GARR  ap denonse trètman sou figi yo rezève pou migran ayisyen yo, yo mande plis solidarite anfavè konpatriyòt ayisyen k ap kouri pou yo sove lavi yo anba lese frape gang ak gang, jan sa fèt pou migran Peyi Ikrèn yo.