DECEMBER 9, 2022
  • DECEMBER 9, 2022
  • Chicago 12, Melborne City, USA
aktyalite

Kreyòl ayisyen an gen jèvrin ak nanm pou l fè lasyans

« Kreyòl, yon lang pou fè lasyans », se tèm yon konferans-deba entènasyonal ki dewoule pandan jounen mèkredi 25 me a nan otèl El Rancho.

Aktivite sa a antre nan kad refòm kourikoulòm lekòl nan peyi d Ayiti. Youn nan chantye refòm sa a se chèche wè kòman pou mete plis an valè kreyòl la , lang matènèl ayisyen an ; lang ki simante tout Ayisyen youn ak lòt.

Nan kad koperasyon espanyòl la, ministè Edikasyon nasyonal, sitou atravè pwojè EdukAyiti, swete aprann de eksperyans Espay fè nan entegrasyon lang matènèl, tankou lang bask, nan edikasyon. Konsa, se nan tèt kole avèk MENFP, anbasad Espay te òganize konferans sa a ki te mobilize lòt patnè tankou Inisyativ MIT-Ayiti, Inivèsite Leta Dayiti, Akademi Kreyòl Ayisyen ak Ajans Bask pou Koperasyon.

Depi Dondon, nan nò peyi a, kote li t ap vizite kèk lekòl, minis Nesmy Manigat ki te pran lapawòl nan okazyon, te pwofite salye aktivite sa a li estime ki byen vini paske li antre nan kad  jefò ministè a ap fè pou kreyòl la jwenn plas li toutbon vre nan aprantisaj timoun yo nan premye ane lekòl fondamantal la.

Minis lan ankouraje tout inisyativ konsa k ap pèmèt peyi a vanse pi devan ak lang kreyòl la, pi gwo zouti kominikasyon ki soude tout Ayisyen youn ak lòt. Konsa, li di ministè a ap kontinye fè tout jefò posib pou apiye tout inisyativ nan ki ale nan sans sa a.

Pou minis Manigat, lè Ayisyen pi byen metrize lang manman l, kreyòl la, sa ap pèmèt li aprann pi byen lòt lang ki nan mond la, sitou sa ki nan anviwonman imedya Ayiti yo, tankou espayòl ak anglè.

Minis Manigat di li kwè patenarya ak plizyè enstitisyon ap pèmèt MENFP vanse pi byen e reyisi tout inityativ pou kore kreyòl la pandan nou dwe rete louvri, dapre li, ak tout lòt lang sou latè ki kontribye nan fè vanse lasyans.

Sergio Cuesta Francisco, anbasadè Espay la ki te entèveni pandan dewoulman konferans sa a, di li gen konviksyon kreyòl la pral kontinye evolye, menm jan sa fèt nan peyi l ak lang bask la kote l pase pandan 20e syèk la de nivo yon lang ki te sèlman oral pou tounen yon lang ki entegre totalman nan zafè edikasyon, men tou li vini yon lang lasyans. Nan sans sa a, ambasadè a renouvle angajman gouvènman peyi Espay pou kontinye sipòte tout aksyon Leta ayisyen ap fè pou kreyòl la ki se lang manman ak papa tout Ayisyen pran vrè plas li nan edikasyon peyi a. 

Pwofesè  Michel DeGraff, youn nan responsab MIT-Ayiti ak Rogeda Dorcé Dorcil, prezidan Akademi kreyòl la, salye aksyon ak denye travay ministè a ap fè koulye a nan kore kreyòl la pi byen nan lekòl la e defann pwodiksyon materyèl didaktik nan lang kreyòl.

Pwofesè Michel DeGraff, k ap anseye kreyòl nan inivèsite nan peyi Etazini, patikilyèman nan eta Boston, plede, jan l toujou ap klèwonnen sa, pou kreyòl la pran tout sans li nan sosyete a kòm yon lang tankou nenpòt lang ki ka fè lasyans. Li kwè kreyòl ayisyen an gen ase jèvrin ak nanm pou fè lasyans.

« Depi gen moun ki pale lang nan epi gen moun pou fè lasyans ak moun ki gen volonte politik pou fè lang nan evolye, li ka fè lasyans », se sa li te ensiste pou di.

Bò kote pa l, Fritz Deshommes ki se Rektè inivèsite Leta Dayiti wete chapo l byen ba pou l salye inisyativ sa a li di ki gen tout enpòtans li nan kad batay pou lang tout Ayisyen pale a vin lang ki fè ledikasyon nan peyi a. Pwofesè Fritz Deshommes di l kore epi ankouraje tout refleksyon k ap fèt nan sans sa a.

« Èske n konnen Ayiti se youn nan ra peyi sou latè kote n ka jije yon moun epi kondane l san l pa menm konprann sa k ap pase ; san l pa janm konprann pou ki ; san l pa konprann sa y ap di sou li an byen oubyen an mal », se youn nan remak Rektè Fritz Deshommes te fè nan okazyon an.  Inivèsitè a plede tou pou tout sosyete a fini pran konsyans de sa ki, dapre sa l kwè, ka kondui nou tout nan yon lòt peyi pi jis, pi ekilibre ak yon lòt sosyete ki devlope yon lòt mantalite.

Sou bò pa li, prezidan Akademi Kreyòl  Ayisyen an, pwofesè Rogeda Dorcé Dorcil, ki te fè entèvansyon pa l nan konferans-deba  sa a, kwè li nesesè pou tout Ayisyen fè jefò pou rive kraze yon seri baryè ki wout evolisyon kreyòl la nan sosyete a.