Anons
Lang kreyòl la se gadyen eritaj kiltirèl nou
Douvanjou Web Media ap resevwa tèks pou piblikasyon gratis nan imèl sa : ayitidouvanjou@gmail.com
.jpg)
Kilti
Anons
Douvanjou Web Media ap resevwa tèks pou piblikasyon gratis nan imèl sa : ayitidouvanjou@gmail.com
An Ayiti, gen yon latriye fenomèn ki egziste nan kilti nou nou pa toujou ka eksplike. Nou leve, nou jwenn yo la, e yo pran sans nan egzistans nou tankou tout lòt fenomèn nou aksepte. Anpil ladan yo sòti nan vil pwovens nou yo, nan mòn nou yo nan sektè vodou a. Djòk la se youn ladan yo. Granmoun yo toujou di timoun sa djoke, yo retire djòk sou li, elatriye. Men, pou tout bon vre kisa fenomèn sa ye? Eske se yon envansyon lespri ti nèg? Yon maladi syantifik yo tonbe dakò sou li?
Djòk la se yon fenomèn ki egziste anpil nan milye riral ayisyen an. Li pa konsidere tankou yon maladi menm jan ak lòt maladi ti bebe konn genyen, men se yon fenomèn nou rankontre sitou lakay ti bebe men timoun ki gen 4 ak 5 lane konn trape l tou. Gen plizyè fason yon moun ka djoke yon timoun. Fanmi l ka djoke l san yo pa konnen si y ap plede jwe ak ti bebe a pandan l ap dòmi, si y ap plede di l bèl, plede montre moun yo gen bèl ti bebe. Moun deyò ki pa nan fanmi an kapab djoke timoun lan menm fason sa yo tou. Si moun lan sòti lakay li ak bouch li san lave epi li vin pale oswa bo ti bebe a, li ka djoke l. Menm jan an tou, pou yon moun fè ti bebe a mechanste, li ka al kay yon ougan sèlman nan entansyon pou l djoke timoun nan.
Kijan ou ka rekonèt yon timoun yo djoke?
Selon Mackenley Darius, ki leve nan yon fanmi vodouyizan, anpil fwa, se yon move je, yon move grenn ki pa vle wè timoun nan grandi ki djoke l. Djòk la jis anpeche timoun lan pwofite, anpeche li grandi. Lè yon timoun pran djòk, li kapab genyen plizyè sentòm. Li kapab pantan nan dòmi souvan, gen òkèt pandan pandan l ap dòmi epi plede kriye chak fwa l pantan nan dòmi. Si timoun oswa ti bebe a te gwo, sa konn rive li kòmanse megri. L ap pèdi anpil pwa, menm si l ap manje, li pa ka gwosi. Ou ka remake l ap plede kriye san rezon, fè rechinya. Li ka vomi anpil tou. Si paran l yo pa fè anyen pou li, oubyen bay yon moun ki konnen oswa yon ougan retire djòk la, li ka grandi avè l nèt oswa menm mouri si sa ta pi mal.
Kijan yo geri djòk la?
Pou Jean Renel Wagnac, yon jèn gason k ap viv Kafoufèy e ki sòti nan lokalite Bèlvi nan Ansavo, nan depatman Nip, djòk la ka geri. Li menm tou, yo te djoke l lè l te ti bebe, se sa li rakonte. Nan fanmi l, ni gran papa l ni manman l se espesyalis nan retire djòk sou timoun. Selon mesye Wagnac, geri djòk la se tout yon rityèl. Pou kòmanse, fòk ti bebe a la. Gerisè a ap pran yon epeng ti tèt, yon zepi mayi, yon ti tas emaye plen dlo, pay mayi oswa fèy kaye. Aprè sa, l ap fouye yon twou nan lakou lakay li, l ap degrennen zepi a mayi a epi vide dlo sou li. L ap pase men l nan twou a annaprè epi fwote kò ti bebe a ak labou ki fèt nan twou a. Aprè sa, l ap pike ti dwèt ti bebe a ki vini aprè gwo pous la ak epeng lan. Gerisè a ap mete rès zepi mayi a nan twou a, vide ti dlo sou li ankò, epi ajoute epeng lan. L ap pran pay mayi oswa fèy kaye yo, li boule yo epi l fè dife a flanbe ti bebe a tou piti. Pou l fini, l ap bouche twou a epi l vide rès dlo a sou twou ki bouche a. Gen anpil lòt metòd granmoun yo itilize tou pou retire djòk sou timoun nan sektè vodou a.
Selon Stanley St-Pierre, vodouyizan pratikan, pou evite lòt move zè ak lòt moun pa vin djoke timoun nan ankò, anpil fwa, yo mete yon ti chèn nan kou timoun nan. Chèn sa konn fèt ak lasèt tenis oswa ti fil yo itilize pou makrame yo. Nan chèn sa, gerisè yo osnon paran timoun yo konn mete swa yon grenn lay, swa yon grenn madjòk ak yon dan lay, swa yon grenn dan chyen pou fè move zè yo kanpe lwen.
Ki pozisyon pèsonèl lasante yo sou fenomèn djòk la?
Anpil etidyan nan fakilte Medsin anndan inivèsite Leta a tonbe dakò sou egzistans fenomèn djòk la. Paske bò lakay pa yo, sitou andeyò, yo konn tande pale de fenomèn sila. Menmsi okenn nan yo pa deklare si nan anfans yo yo te djoke ou pa. Rose-Kerline Dumas, loreyat promosyon 2012-2016, nan syans enfimyè nan ANEM nan, fè konnen djòk la se yon envansyon anpil paran nan milye riral yo. “ Piske yo bon jan sant lasante, lopital ak dispansè, yo oblije jwenn yon mannyè pou mete non ak rezoud pwoblèm ki konn kanpe tennfas devan yo.” Enfimyè Rose-Kerline deklare, li pa kwè nan bagay sa ditou paske nan ti tan l te fè nan pedyatri nan lopital Bernard Mevs nan Pòtoprens lan, li pa t janm kwaze yon ka konsa. Anpil lòt medsen dakò ak pozisyon sa. Yo konn tande l se vre, men yo poko janm kontre l nan kad travay yo. Selon Rose-Kerline, anpil fwa, se lè timoun yo ap fè dan oswa pa byen nouri ki konn lakoz yo gen karakteristik sa nou rele djòk la.
Pandan pèsonèl sante yo yo menm yo rete septik pa rapò ak fenomèn sa, sa pa anpeche anpil ayisyen sitou nan milye riral yo kwè ladan l. E gen moun ki di menm, Lasyans ka pa ka eksplike l aklè men sa pa vle di li pa egziste. Fenomèn djòk la egziste pou tout bon oubyen se nan imajinè pèp la li ye? Antouka ! Stanley St-Pierre di li menm, li pa gen pwoblèm lasyans pa ka eksplike l men fenomèn lan la e se menm bagay tou pou sa yo rele pèdisyon lakay fanm ansent yo.