DECEMBER 9, 2022
  • DECEMBER 9, 2022
  • Chicago 12, Melborne City, USA
sante

Ki konsekans iItilize lwil komestib pou fè manje plizyè fwa ka gen sou sante w?

Itilizasyon lwil komestib pou fè manje se yon pratik ki fèt nan tout mond lan. Menmsi anpil moun chwazi nye pratik sila, li ekziste lakay nou, nan bak ak chodyè machann oubyen nan restoran... 

Souvan, yo itilize lwil pou fè manje plizyè fwa, men pratik sa pi kouran toujou kay machann manje yo, machann pate ak fritay yo. Laplipa nan yo, lè yo fin fri poul, pwason, bannann, patat, oubyen pate nan chodyè yo, pou n site sa yo sèlman , yo konsève lwil la pou yon lòt itilizasyon nan pita, nan demen oubyen nan kèk jou ankò annatandan lwil la poze. Konsa yo fè ekonomi sou kòb yo ta pral depanse pou achte yon lòt galon oubyen sou  kantite lwil komestib yo t ap gen pou yo  itilize ankò .

Pratik sa pa bon ditou epi l ka gen gwo konsekans sou sante konsomatè yo. Pou yon moun kenbe kò l an sante, li bezwen manje. Gen bagay ou ka manje yo jan yo vini an, konsa tou gen lòt se kwit pou w kwit yo. Gen 3 metòd ou ka itilize pou fè sa : boukannen, bouyi oubyen fri.

Daprè yon etid Cancer Prevention Research fè, se yon move abitid lè yon moun pran plezi itilize yon lwil plizyè fwa pou l fè manje, lwil sa se yon pwazon pou kò a. Sa gen gwo konsekans sou sante konsomatè a ki kapab debouche sou plizyè fòm maladi oubyen lanmò.

Plizyè chèchè ki sòti nan inivèsite ilinwa (etazini), eksplike: « lè yon lwil te deja chofe nan yon tanperati ki wo anpil, itilizasyon l yon lòt fwa ankò kapab ogmante risk devlopman metataz yo ki responsab kansè nan tete ».

Lè lwil la chofe anpil, gen yon pakèt modifikasyon chimik ki fèt ladan l, lwil la libere sibstans ki pa bon pou òganis la. Pifò etid ki fèt sou pratik sa nan laboratwa [sou kobay] konkli konsomasyon lwil ki itilize deja aji dirèkteman sou poumon yo epi jwe yon wòl dirèk nan devlopman kansè nan tete.

Pa bliye lwil alimantè izaje yo (HAU, nan sig fransè) se yon seri lwil vejetal ak kò gra ki sèvi deja nan kizin yo. Ladan yo nou jwenn : lwil yo fri pwodui alimantè ak lwil yo itilize pou fè manje. Lwil sa yo konpoze ak matyè ki gra sèlman, yo estabilize ak yon tanperati anbyan san konte dlo kontamine l epi li chaje matyè ki pa “pure” ladan l. 

Yo sòti esansyèlman nan endistri agwoalimantè yo, nan restoran ak kote yo vann ak touye kochon yo ak restoran popilè yo. Yo pa reprezante yon danje, sof pou sante moun, yo itilize yo pou fè biyo kabiran (bio diesel). Yon tòn pwodwi sa kapab bay 1200 lit biyo kabiran, li pèmèt konsomasyon idwokabi nan sektè transpò a redwi, epi li limite liberasyon gaz ak efè de sè yo (ges). 

Lwil sa yo, aprè yon trètman pou pirifye yo kapab itil nan lipochimi ki se baz kosmetoloji ak savònri. Ladan l nou kapab jwenn tou librifyan yo, aditif alimantè yo, ak lwil pou dekofraj yo… Lwil sa yo, nan plizyè peyi nan mond lan, yo entèdi yo jete yo nan anviwònman, sitou nan kanal ak fatra menajè yo, nan peyi lafrans, moun ki poze zak sa ap ap tonbe anba sanksyon si ta gen polisyon pi devan. Lè yon moun jete lwil alimantè izaje yo nan lanati li rete sou dlo a epi lakòz yon polisyon òganik, kidonk gen anpil gwo risk lè yon moun k ap fè manje lakay li oubyen k ap vann manje chwazi itilize lwil ki sèvi deja. Konsa tou li pa dwe jete l nenpòt ki kote. Men malerezman, prensip sa yo pa aplike nan peyi dayiti.