DECEMBER 9, 2022
  • DECEMBER 9, 2022
  • Chicago 12, Melborne City, USA
aktyalite

Ki altènativ migran ayisyen yo genyen aprè yo fin depòte yo?

Plizyè milye migran ayisyen nan peyi Chili, Brezil, pran wout pou Etazini nan lide pou chèche kote lavi a fè kwen. Yo sakrifye vi yo nan yon trajè difisil kote y ap travèse plizyè lòt peyi a pye pou rive Etazini, ki depòte yo pa pil pa pakèt, nan move kondisyon epi dèyè do lalwa. Pami yo, genyen ki gen 20 lane depi yo kite peyi a. Ki altènativ yo genyen? Ki kote yo prale? Kisa yo pral fè apre avanti sila?

Depi kòmansman mwa jiyè 2021 an, anpil Ayisyen nan peyi Chili ak Brezil te pran wout dezè a pou direksyon Etazini. Migran sa yo rive travèse anviwon dis fwontyè peyi nan Lamerik latin nan avan yo rive sou fwontyè Meksik ak Etazini. Aprè tout peri pesi ak plizyè eskal nan wout, se anba pon Delrio migran sa yo t al anpile, kote yo te anviwon 14 mil, pou tann dènye santans yo, avan sa k jwenn chans rive al jwenn fanmi yo Etazini ak lòt ki jwenn depòtasyon. 

Menm si genyen tou migran lòt nasyon sou wout la, men se migran Ayisyen yo ki te pi plis. Difikilte yo rankontre sou wout la anpil :  vòl, vyolans fizik ak seksyèl, prizonnman, diskriminasyon ak rasis, elatriye. 

Fason trajè a fèt pou rive Etazini
Daprè sa moun yo esplike avan yo pran wout la, sa ki gen ase lajan kite kòb nan men pwòch yo, fanmi oubyen zanmi pou voye ba yo moso pa moso sou pakou a. Gen sa kòb yo pa fin kont tou, se prè yo fè menm jan an nan men fanmi oubyen zanmi. Yo itilize teknik sa se paske gen anpil vòlè sou wout la k ap fouye yo. Si w mache ak tout kòb ou y ap vòlè l, w ap tou paka kontinye wout la. Daprè temwanyaj yo, menm gen militè ki la pou siveye migran sa yo, konn rentre nan vòl, fouye yo pran lajan ak telefòn yo.

Moun sa yo ki pran wout la, itilize mwayen transpò tèrès; mache a pye nan raje ak  nan forè. Epi mwayen transpò maritim kote yo pran chaloup oubyen bato. Men yo rive fè tout pakou sa yo gras ak  "yon rezo gid". San gid sa yo, yo pa t ap konnen ki wout pou yo fè. Se yo ki prensipal benefisyè travèse a, yo fè anpil lajan nan sa. Chak kote w rive gen kòb pou w ap bay. Se konsa chak gid ki fin fè bout wout ak yo, refere yon lòt gid pou kontinye wout la ak yo. Sa ki pi devenn konn pran nan fo gid ki pran lajan nan men yo epi ki chape pou l yo san yo pa gide yo. Sila yo ki sòti Chili fè konnen yo depanse an mwayèn 4 mil a 5 mil dola ameriken pou fè pakou a.

Difikilte Ayisyen yo rankontre sou pakou a 
Lapolis ak militè fè migran sa yo pase anpil mizè tou, daprè sa migran yo rakonte. Lè pou yo travèse kèk pòs ki difisil anpil, yo konn itilize yon teknik yo rele "karavàn", kote yo pase pa plizyè santèn ansanm sou fòm yon manifestasyon pou ajan yo paka kontwole yo epi anpeche yo avanse.

Migran sa yo temwanye yon solidarite san parèy ki te gen nan mitan Ayisyen yo nan travèse difisil sa a. Yo kolekte sa yo genyen pou fè manje ansanm, sak gen ti kichòy pou manje pataje ak lòt ki pa genyen. Makenson, yon resòtisan Ayisyen ki t ap viv nan peyi Chili ki gen chans rive Etazini ak madanm li epi pitit li, esplike nan yon repòtaj Marie Lucie Bonhomme ak Emmanuel Paul fè sou sitiyasyon sa a. Yo esplike kòman travèse a te difisil pou yo anpil. Makenson t ap viv Chili depi nan ane 2017, li te gen rezidans, li te gen yon biznis ki patap twò mal mache, men l te deside pran wout la kanmèm pou latè pwomiz. Li avwe anverite si l te konn wout la te difisil konsa, li patap pran risk sa. Pou li se yon move eksperyans nan lavil paske l te ka pa rive menm jan ak anpil  lòt moun ki tonbe sou wout la.

Pou Cloter, li menm ki te Brezil ki te pran wout la tou, malerezman ki pa gen chans rive paske l jwenn depòtasyon l, eksperyans sa ki te yon gou anmè nan bouch li. Li rakonte kòman move souvni sa yo pa sispann defile nan tèt li tankou yon epizòd. Pami yo li sonje, lè l t ap moute yon mòn apik epi ki long nan peyi Panama. Yon mòn si w pèdi fòs ladann pagen anyen ka chape w paske nan falèz ou pral tonbe a menm chen pap ka desann pou al manje w. Pandan l t ap moute mòn sa menm rad sou li te twòp chay, tèlman l te gentan febli. "M wè lanmò anfas", li temwanye ak anpil tristès. Li fè konnen sa l viv nan je klè sou wout sa a, se pa bagay li ta menm swete wè nan dòmi. Lòt bagay ki pi toumante lespri l se yon mesye ki swiside tèt li aprè yon gwoup atoufè te fin vyole yon pitit fi l ki gen 13 zan devan je l. Malgre tout imilyasyon ak movè eksperyans sa yo, Cloter di l ap fè sa l kapab pou tounen Brezil, paske l  pap ret viv nan lanfè sa an Ayiti.

Depòtasyon nan move kondisyon migran Ayisyen yo sibi
Se pa bann pa pakèt Etazini penmpe migran Ayisyen yo tounen an Ayiti. San respè pou diyite migran yo kòm moun, ki gen dwa pou chèche kot lavi fè repozwa si vi yo menase oubyen si y ap viv nan move kondisyon. San respè pou dwa entènasyonal nan zafè imigrasyon, administrasyon Biden/Harris la depòte konpatriyòt Ayisyen yo. Fò w ta di se nan epòk esklavaj, chèn nan pye, chèn nan senti se konsa Etazini vòltije Ayisyen yo tounen nan peyi yo. Yo chita sou yon lwa nan zafè imigrasyon Etazini te adopte depi nan lane 1942   ki rele "Titre 42"  pou fè depòtasyon nan movè kondisyon sa yo. Daprè kèk espesyalis ki analize fondman lwa sa a, yo konsidere l kòm yon mezi rasis. Se sak fè nan fen mwa septanm 2021 an, Etazini, Meksik ak Bayamas te konn voye plizyè santèn Ayisyen tounen chak jou.

Migran sa yo repwoche anpil Leta Ayisyen ki pa janm fè kenn pledwari pou yo, bò kot peyi k ap plede voye yo tounen an. Sa ki depòte an Ayiti di yo pa jwenn pyès sipò nan men Leta Ayisyen, sinon kèk ladan yo ki di yo jwenn yon frè sibsistans 10 mil goud nan lajan gouvènman ameriken te debloke pou gouvènman Ayisyen an te resevwa yo. Se konsa konpatriyòt Ayisyen yo kontinye ap pase mizè nan divès peyi nan amerik latin nan, nan  lide pou chèche lavi miyò.