DECEMBER 9, 2022
  • DECEMBER 9, 2022
  • Chicago 12, Melborne City, USA
aktyalite

Gang ame mande anraje pandan rèy premye minis Ariel Henry a

Selon yon nòt Rezo Nasyonal k ap Defann Dwa Moun nan rann piblik 9 me 2023 a, depi mwa jiyè 2021, yon latriye atak nèg ak zam ak masak pa sispann eklate nan peyi Dayiti. Sòti avril 2022 pou rive avril 2023, Rezo Nasyonal k ap Defann Dwa Moun nan (RNDDH) anrejistre 9 gwo masak ki fèt nan depatman Latibonit ak Lwès. Nan 6 pami tout masak sa yo, gen 734 moun ki asasinen, sa ki ta vle di 122 mò pou chak masak epi gen 105 fanm ak tifi ki viktim zak kadejak.

Nan Laplèn sòti 24 avril pou rive 6 me 2022, gen 191 moun ki mouri ak 19 fanm pou pi piti ki viktim kadejak. Gen 17 nan medam sa yo bandi yo tou touye aprè yo fin fè kadejak sou yo. Nan Site Solèy, sòti 7 pou rive 17 juillet 2022, pou pi piti 300 moun mouri epi 53 fanm ak tifi viktim kadejak. Nan Vilaj atistik Nway, sòti 12 pou rive 17 octobre 2022, 19 moun pou pi piti asasinen epi 30 kay ak chòp atizana pou pi piti pase anba flanm dife.

Nan Savann Pistach, sòti 10 pou rive 30 novanm 2022, gen 3 moun pou pi piti ki asasinen ak 2 tifi ki viktim kadejak. Bandi yo antre epi vòlè nan plis pase 23 kay, yo boule 61 lòt kay pou pi piti epi yo boule 64 machin oubyen moto. Nan Sous Matla, nan lannwit 28 pou rive 29 novanm 2022, pou pi piti gen 73 moun ki mouri. Anplis gen 26 fanm ak 3 tifi ki viktim kadejak.

Nan Bèlè, sòti 28 fevriye pou rive 5 mas 2023, gen 148 moun pou pi piti ki mouri asasinen oubyen fanmi yo pa janm gen nouvèl yo. Gen 3 lòt moun ki blese ak 2 fanm ki viktim kadejak. Bandi yo boule pou pi piti 62 kay epi rantre nan 26 lòt pou fouye epi kraze ouswa vòlè sa yo jwenn. Anplis, yo vòlè 4 machin oubyen moto epi boule 3 lòt.

Sitiyasyon vyolans sa ki tabli nan peyi a depi jiyè 2021, pouse RNDDH avanse lide premye minis Ariel Henry pa fè anyen pou rezoud pwoblèm ensekirite nan peyi a, okontrè li vin pi mal nan fason gang yo ap simen lapèrèz paske yo gen pwoteksyon epi pa gen moun k ap pini yo.

RNDDH kondane ak tout fòs li masak sa yo ki lakoz anpil moun pèdi pwòch yo ak byen yo. Malerezman, fòs piblik yo, ministè tankou afè sosyal ak ministè kondisyon fanm ak dwa fanm pa janm entèvni pou bay popilasyon an asistans.  

Yon lòt bò, depi 24 avril 2023, popilasyon an deklanche yon mouvman ki rele Bwa Kale pou dechouke bandi. Pou kounya, mouvman sila a gentan lakoz yon santèn moun mouri anba kout manchèt.

Anpil moun panse mouvman bwa kale a gentan bay, nan kèk jou, plis rezilta pase tout operasyon lapolis mennen pou dechouke bandi. RNDDH revòlte kont zotobre nan Leta ki kache dèyè mouvman sa pou fè popilasyon an elimine, pou yo, tout lyen yo genyen ak bandi epi anpeche lajistis rive sou yo.

Boutofen, RNDDH mande otorite konsène yo ase men nan tout pakè ak tribinal premye enstans yo, revoke epi pini tout kòwonpi, mete yon bout nan pwoteksyon bandi yo, mete aksyon piblik an mouvman dèyè tout bandi k ap simen latwoublay nan peyi a, jije epi kondane tout bandi ki gen men yo tranpe nan tout masak yo depi 2018, pran tout dispozisyon pou mete fen ak sitiyasyon vyolans sa k ap renye nan peyi a epi founi bon jan asistans finansyè ak sikolojik bay viktim masak oubyen atak nèg ak zam yo.