Anons
Lang kreyòl la se gadyen eritaj kiltirèl nou
Douvanjou Web Media ap resevwa tèks pou piblikasyon gratis nan imèl sa : ayitidouvanjou@gmail.com

Kilti
Anons
Douvanjou Web Media ap resevwa tèks pou piblikasyon gratis nan imèl sa : ayitidouvanjou@gmail.com
Roberson Bernabé ki bay tèt li pote non ErsoBerslaman, se yon jenn eslamè ki pa pran ni pwezi, ni mizik daso. Li konn rim ak nòt li byen. Ak gita li sou yon sèn, nòt ak rim li yo fonn pou bay yon siwo ki fè piblik li a jwenn yon lòt savè nan milye atistik la. ErsoBerslaman gen 4 lane depi l ap fè piblik li a vwayaje byen lwen nan yon monn powetik pandan l ap satiyèt konsyans sitwayèn li.
Roberson Bernabé fèt yon 26 jen nan lane 1998 nan depatman sid peyi a nan komin Pòtapiman. Li se dezyèm pitit manman l ak papa l. Li te kòmanse etid klasik li nan depatman sid la, aprè sa li rantre Pòtoprens nan lane 2014 pou l kontinye etid segondè li nan Lise Fritz Pierre Louis. Kounyeya, li se etidyan nan Inivèsite Leta Ayisyen an, l ap etidye filozofi ak syans politik nan fakilte IERAH. An menm tan, li se kòwòdonatè adjwen yon asosiyasyon jèn ki rele Setyèm kontinan.
ErsoBerslaman jwenn non sa nan non granmoun li te ba li. Lanmou li te gen pou literati nan twazyèm ak segonn te konn fè l ap repete vè nan pwezi klasik la, se sa ki te fè l kòmanse fè pwezi nan reto. Lè l ap fè filo, li mete plis fokis sou sa l ap fè a. Men li konsidere karyè atistik li ofisyèlman koumanse aprè li te fin chanpyon konkou eslam jenès Wèsleyèn Kakoufèy te òganize nan mwa fevriye 2020 an.
ErsoBerslaman pa gen yon modèl tipik nan milye a, men li rekonèt Coeur-Rime, Grand Corps Malade ak lòt ankò enfliyanse travay li. Pou li, li se yon eslamè orijinal. Se nyans, vayb epi filozofi ki gen nan mizik li yo ki fè li diferan. Li fè konnen teknik sa yo rann li orijinal kòm yon atis ki pote yon nouvo bagay nan milye atistik la.
Si chak atis gen yon mesaj l ap pote, ErsoBerslaman pa gen okenn baboukèt ki toufe mesaj li yo ak tout dimansyon atistik sa mande. Li motive, denonse epi kritike nan konpozisyon li yo. Daprè li, yon atis gen yon devwa ak yon responsablite sosyal. “Menm jan BIC di li pa yon atis pa plezi men li se yon atis pa devwa, mwen kwè menm jan an tou, antanke atis mwen gen yon devwa anvè sosyete a, paske avantou mwen se yon sitwayen. Epi youn nan moral m renmen, se moral nou jwenn Kay Emanyèl Kant ki fè konnen, lè w fè yon bagay se pa paske w ap tann yon byen anretou men se paske se devwa w. Nan sans sa a, ou ka retwouve m sou menm liy ak BIC, Defi, Kenfs, Youssoupha.” ErsloBerslaman ajoute : ” M pa youn nan atis sa yo, m kenbe orijinalite m, men mesaj nou yo sanble. Nou pote yon mesaj chanjman ak angajman".
ErsoBerslaman fè konnen l ap toujou kenbe liy sa paske li menm se valè li ki gide l, se edikasyon li pran nan men fanmi l l, nan lekòl ak nan legliz ki konstwi l menmsi gen la dan yo li rejte.
Malgre ErsoBerslaman di l se yon kretyen, li leve legliz, sa pa anpeche kritik li yo ale lwen. Nan yon mizik li ekri ki rele “Mwen plis ke pa bon”, nan kèk vè, li fè konprann nan ki nivo legliz yo ap make pa anplas, li moutre jis nan ki pwen responsab legliz yo malonèt.
“Tankou yon animal
Ensten m di m aji
M volè m fè fo kanè, m menm fè maji
Nan legliz la m ajite moun
Lè m dwe wete m ajoute
M pa bezwen di w lè m dwe ajoute konbyen m wete”
Se konsa tou li pa pè lonje dwèt sou mouche Leta ki pa ranpli misyon l, sou zotobre nan Leta k ap benyen nan kòripsyon, ensekirite ak bandi k ap taye banda nan katye popilè yo.
“Moun ap chèche ekate m
Tankou lè moun t ap chèche kite Vilaj de Dye pou bandi
M tèlman rize
M tankou politisyen k manje kòb
Petwokaribe”
Pou motive sila yo ki vle dekouraje ak lavi a, pou ankouraje zanfan yo k ap leve nan yon peyi ki difisil anpil, ErsoBerslaman fòje yon mo motivasyon ki se "ReLeKanMaRe" ki an menm tan se tit yon mizik li genyen. Mo sa vle di Reve, Leve, Kanpe, Mache, Reyalize. ErsoBerslaman gen pwojè pwodui yon "Demo slam" k ap genyen 4 mizik sou li, l ap soti nan mwa desanm lan. Li envite tout moun ki renmen l yo ret branche !