Anons
Lang kreyòl la se gadyen eritaj kiltirèl nou
Douvanjou Web Media ap resevwa tèks pou piblikasyon gratis nan imèl sa : ayitidouvanjou@gmail.com
.jpg)
Sosyete
Anons
Douvanjou Web Media ap resevwa tèks pou piblikasyon gratis nan imèl sa : ayitidouvanjou@gmail.com
An Ayiti, moun k ap antre nan relasyon seksyèl ak fanmi yo, se bagay ki pa manke. Fenomèn sa a ki tanmen nan fanmi yo lakoz anpil adolesan viktim vyolans seksyèl nan men manm fanmi yo. Li ka papa yo, yon tonton, yon frè, yon neve, yon kouzen oubyen nenpòt lòt moun nan fanmi yo. Ka vyòl sa yo rive fèt menm sou ti bebe ki fèk fèt. Vyolans sa a k ap vale tèren anndan fanmi yo konn reprezante yon gwo eprèv pou viktim ki pa vle fè silans yo.
“ Papa m koumanse vyole m depi lè m te gen 18 lane. Premye fwa l pral fè m sa a, li di se yon leson l ap banm pou yon betiz m te fè, yon bagay m pa t menm sonje. Nan dat 8 janvye 2017, li antre nan kay la bridsoukou, tou andyable, li mande m al tann li nan chanm nan. Kòm li konn bat mwen souvan epi li toujou prèske mete m toutouni chak fwa l ap bat mwen, m te panse se bat li ta pra l bat mwen. Alòs, mwen koumanse dezabiye m ap tann li. Li antre nan chanm nan, li koumanse ap manyen m, m eseye repouse l. M kriye, m rele ak tout fòs mwen, men sa pa gade l. Li vyole m kanmenm », se sa Carolane Pierre-Louis rakonte ak yon vwa plen tristès ak lapenn.
Papa l ki te komisè gouvènman a lepòk, te kontinye vyole l depi lè a rive 2 jiyè 2017. Se lè sa a Carolane ta pra l deside chape pou l li, kite kay la pou l al jwenn manman l. Men manman an ta pra l fòse l retounen anba vant kadejakè a sou pretèks li pa gen mwayen pou pran swen l. Dosye a te vin tonbe nan men lajistis, sa ki ta pra l lakoz yo revoke komisè a. Bagay la toujou nan men lajistis. Se desizyon final la ki va penmèt nou konnen kouman sa te fini. Sa k rive Carolane nan, rive chak jou nan lavi yon bann lòt jenn fi nan peyi a k ap sibi zak vyolans sa yo anba men papa yo, frè, kouzen yo, san yo pa gen okenn moun pou ride yo soti anba men malveyan yo.
Òganizasyon dwa moun yo denonse dega fenomèn ras kabrit la koze
Nan lane 2019, SOFA (Solidarite Fanm Ayisyèn), yon òganizasyon k ap defann dwa moun, te atire atansyon otorite yo sou yon seri ka vyòl seksyèl ant fanmi (ensès) k ap repete nan komin Abriko, yon komin nan depatman Grandans. Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (Garr) te drese yon rapò tris sou komin Laskawobas ak Tomasik, 2 sikonskripsyon ki twouve yo nan depatman Grandans, kote zafè vyole timoun nan ap fè aktyalite kounyeya. Yon lòt kote, òganizasyon ki rele tèt li Kolektif Defansè Plis la te denonse yon seri zak vyolans seksyèl k ap miltipliye sou fanm ak tifi nan sosyete a, pi presizeman nan depatman Grandans lan. Poutan timoun yo kontinye ap viktim abi seksyèl nan men moun ki pwòch yo nan peyi a.
Yon nonm ki gen 40 lane ap pije pèn li nan yon prizon Mibalè paske li te vyole yon pitit li ki gen 10 lane. Ti pitit la, tou twomatize, fè konnen se pa premye fwa papa a fòse l antre nan relasyon seksyè l avè l. Manman ti pitit la te menm konfime zak la ak yon sètifika medikal ki retrase yon pakèt ti blese nan kò tifi a aprè papa a fin fè zak la. Cassandra Ogé rakonte yon kouzen l te fòse l antre nan relasyon seksyel avè l, li ba l presyon, li di l ap pran ti sè l la si l pa dakò fè sa. Chak nwit li te oblije al jwenn li pou l te ka pwoteje ti sè a kont predatè a. Cassandra di : “ Paran m yo te konnen, men yo pa t fè anyen pou sa ”.
Malgre tout denonsiyasyon òganizasyon dwa moun yo, se yon ti minorite zuit pami vktim yo ki deside pa fè silans. Lwa ayisyèn yo wè fenomèn la tankou yon senp relasyon devègonde yon papa malveyan antrepann ak pitit li. Daprè Yolette Jeanty, kowòdonatris Kay Fanm, yon òganizasyon k ap fè pwomosyon ak defann dwa moun, gen anpil rapò ki bay chif sou kantite vyolans ki egzèse sou fanm ak tifi nan sosyete a, men pa gen chif sou zak ensès yo resanse nan peyi a. Selon kowòdonatris la, sa rive paske viktim yo pè denonse moun k ap agrese yo tout tan yo. Yo pè pou yo pa kritike yo e mete yo sou kote nan sosyete a. “ Nou ka di Se 10 viktim sèlman ki aksepte pale chak ane. ”
Fanmi yo prefere Kase fèy kouvri sa
Menmsi yo rive dekouvri kèk ka, anpil lòt ka ensès ak vyolans seksyèl ki fèt sou timoun nan peyi a pase sou silans akoz odas agresè yo ak inosans viktim yo. Byen souvan, vyolans seksyèl ki fèt nan fanmi rive avan menm timoun yo gen 10 lane, selon sa sosyològ Tamas Jean-Pierre fè konnen. « Li parèt pi difisil pou timoun yo pran konsyans de kalite zak sila a lè n konsidere modèl relasyon yo devlope ak moun k ap agrese yo a ».
Daprè sosyològ la, viktim yo fè silans tou nan lide pou yo pa avili fanmi yo. Sa rive tou gen moun nan fanmi an ki kase fèy kouvri sa oubyen yo jere sa antre yo. Anpil fwa, menmsi viktim nan vin gran, li toujou santi l wont e koupab. Moun nan antouraj li yo konn pa vle kwè oubyen y ap mande tèt yo kouman l fè kite sa rive l. Kanta pou laboujwazi an Ayiti, yo ale pi lwen toujou. Yo fè pitit antre yo pou anpeche moun ki pa nan ran yo antre nan fanmi an.
Vyolans seksyèl sa yo lakoz anpil fanm ak jenn fi fè avòtman paske yo pa vle toujou ap reviv menm souvni yo ak menm soufrans lan. Gen anpil fi nan peyi a tou ki sibi yon tès fòse pou manman yo oubyen yon manm nan fanmi yo verifye si yo toujou vyèj. Yo mete yo kouche pou yo tate yo. Espesyalis yo wè pratik tate tifi a tankou yon agresyon seksyèl menm jan ak ensès la ki atake diyite fanm yo e fè gwo enpak sou vi seksyèl yo ak sante mantal yo.
Kouman yon moun ka reprann li aprè yon relasyon konsa?
Ravaj modèl relasyon sa a pa piti. Daprè sikològ Elvire Marlise Lafontant, si timoun ki sibi vyolans sa a yo pa jwenn swen, yo ka devlope yon seri sentom ki grav tankou pèdi konfyans nan tèt yo ak lòt moun, yo ka fè depresyon epi montre anpil tristès. Yo ka tante touye tèt yo, pèdi apeti, yo ka vin gen yon konduit deplase, santi yo wont, koupab, elatriye. Se vre, dram nan konsène timoun nan an premye, men an reyalite, li konsène tout sosyete a paske gen anpil risk pou sa repwodui.
Sikològ la di pou moun nan reprann li aprè l fin sibi vyolans sila, li dwe panse fè yon terapi sikolojik. Men tou, li bezwen asistans pwòch li ak moun nan fanmi l. Sa ka sanble anbarasan piske se fanmi an ki te agrese l. Men li enpòtan pou viktim nan reprann konfyans nan fanmi l. Paske se sipò fanmi l ak vwazinaj li k ap ede l reprann konfyans nan tèt li ak lòt moun.
Kisa lwa peyi a di sou fenomèn ras kabrit la ?
Malgre ravaj sikososyal ensès la ka genyen sou viktim nan, kòd penal la pa kriminen l. Selon mèt Stanley Gaston, chak lè n ap pale de ensès, nou dwe konsidere kòd sivil la ak kòd penal la. Lwa sivil la ki trete zafè moun ak maryaj, entèdi maryaj ant fanmi pwòch. Poutan lwa penal la pa trete kesyon an tout bon vre. Men lè n gade lwa sa yo, nou ka tire kèk konsekans.
Mèt la kontinye pou l di pa gen yon tèks lwa penal ki kondane relasyon ant paran pwòch. Men si n konsidere lwa sou vyòl ak agresyon seksyèl yo, nou pra l dakò lalwa kont vyòl paran fè sou timoun ki gen pi piti pase 15 lane. Men si se yon relasyon ant 2 moun majè e yo tou 2 dakò, lalwa pa di anyen sou sa. Mèt Gaston rekòmande pou lwa peyi a pwononse l sou fenomèn sa, pou yo konsidere ka patikilye ensès la genyen yo yon fason pou yo ka pwoteje timoun yo kont fenomèn sila.