DECEMBER 9, 2022
  • DECEMBER 9, 2022
  • Chicago 12, Melborne City, USA
aktyalite

BRANA brase yon nouvo byè : Guinness Smooth

Konpayi Brasri Nasyonal Dayiti (BRANA) prezante laprès jedi 15 jen 2023 a yon nouvo byè li brase ki rele GUINNESS SMOOTH.

Nouvo byè GUINNESS SMOOTH la se premye inovasyon BRANA fè sou byè GUINNESS orijinal la, yon mak ki byen etabli nan kè ak nan tèt konsomatè yo depi plis pase 40 lane an Ayiti.

Nouvo byè GUINNESS SMOOTH gen yon bon odè karamèl ak chokola, ak yon ti gou sikre sale ki pral bon nan bouch konsomatè yo. 

Li genyen menm richès, menm kalite ak byè Guinness orijinal la, men li gen plis finès, li koule pi swa.

Fanm kou gason ap kapab apresye nouvo byè GUINNESS SMOOTH la pandan y ap pase yon bon moman ak zanmi yo lakay yo, nan restoran oswa nan klèb. 

Nouvo byè GUINNESS SMOOTH pral pote yon lòt vayb ak yon pi bèl eksperyans pou konsomatè yo.

GUINNESS SMOOTH,  se yon byè ki gen 5% alkòl.  Li rich, rafrechisan, pi lejè. Li fèt ak dlo, malt griye, oublon, sik. Li vini nan boutèy 341 ml nou tout renmen an. Li pwodui nan BRANA e li lanse nan mwa Jen 2023.

N ap jwenn GUINNESS SMOOTH la sou tout tèritwa nasyonal la pou 175 HTG e lid isponib nan Karayib la.

Kès la gen 24 boutèy. Chak boutèy gen 341 ml. Pri kès la se 3,350 HTG e pri boutèy la se 175 HTG.

Slogan: Menm Richès la, Plis finès!