Anons
Lang kreyòl la se gadyen eritaj kiltirèl nou
Douvanjou Web Media ap resevwa tèks pou piblikasyon gratis nan imèl sa : ayitidouvanjou@gmail.com

opinyon
Anons
Douvanjou Web Media ap resevwa tèks pou piblikasyon gratis nan imèl sa : ayitidouvanjou@gmail.com
Foto ki akonpaye atik sa se foto premye twou nwa yo te fotografye nan listwa. Yo te pibliye foto sa 10 avril 2019. Twou nwa sa se yon gwo twou nwa ki nan yon galaksi ki rele Messier 87, e yo rele twou nwa a M87* (li l ,"M 87 etwal").
Galaksi sa gen yon distans 50 milyon ane-limyè ki separe li ak planèt nou an, sa vle di yon reyon limyè k ap soti ladan ap pran 50 milyon ane avan li rive nan boul je nou, malgre limyè a rapid anpil (300 000 km pa segonn, dayè se li ki bagay ki pi rapid ki egziste). Kidonk, distans lan gwo anpil, se pa kaka kòk.
Ebyen ayè 12 me a, nou sot resi wè foto yon gwo twou nwa ki ANNDAN galaksi pa nou an (gade dezyèm foto a). Ki vle di, se foto pwòp twou nwa pa nou. Li menm, li "pa lwen", 27 000 ane-limyè "sèlman".
Twou nwa pa nou an, li menm li nan sant galaksi nou an ki rele Vwa Lakte. Non twou nwa sa se Sagittarius A* (li l, "Sagittarius A etwal").
Tou de twou nwa sa yo fè pati kategori twou nwa ki pi "lou" yo (men mo "lou" a manke presi, yo plis pale de mas nan ka sa yo). Spesyalis yo panse tout gwo galaksi yo gen yon twou nwa manman penba kon sa anndan yo.
Pou n konprann byen jan yo "lou", oswa masif pou n pi presi, solèy pa nou an vo 333 000 fwa mas planèt nou an. E solèy la reprezante 99,8% mas sistèm solèy nou an. Kounye a, twou nwa sa ki nan mitan galaksi nou an, Sagittarius A* vo nenpòt 4 milyon fwa solèy nou an, lè nou konpare mas yo! Kanta pou M87*, ki se premye twou nwa yo te fè foto l la, li menm li vo 1600 fwa Sagittarius A*.
Men pou nou onèt, se pa foto twa nwa a yo pran vre, paske dapre definisyon an, yon twou nwa, ebyen li tou nwa. Li tèlman "lou", li pa kite okenn limyè chape poul li pou ta vin tonbe nan je nou. Men, li tèlman lou tou, li gen tandans atire yon pil objè, yon pil batanklan nan arebò l, e objè sa yo ap vire tankou toupi ozalantou l. Yo tèlman vire vit, fwotman sa yo jenere yon seri reyon X ki rive chape poul yo vin jwenn nou. Se tankou twou nwa a mete yon dife ozalantou l e se dife sa nou rive kapte, sa ki endirèkteman pèmèt nou "wè" li.
Men sa yo se detay e yo pa retire bèlte dekouvèt sa yo. Paske, sa enpresyonan pou konnen anlè tèt nou an (oswa anba pye nou an, lè w byen reflechi), gen tout koze sa yo k ap pase.
Gen yon espesyalis ki di, twou nwa pa nou an, Sagittarius A*, distans li ak gwosè l t ap fè l sanble ak yon benyen yo konn manje a si w ta pran l ou depoze l sou Lalin ki tou pre nou an. Se yon fason pou di w jan li lwen nan syèl la.
Men malgre distans sa yo ke lespri nou pa menm ka fin sènen, lasyans rive pyeje, imòtalize JEYAN sa yo nan yon ti bout foto.
Kredi : (Sa se yon atik Kreyonomi nou reposte)