DECEMBER 9, 2022
  • DECEMBER 9, 2022
  • Chicago 12, Melborne City, USA
Kilti

Ann pwodui nan lang manman nou pou n bay lang kreyòl la plis jarèt

Mwa oktòb la, se mwa selebrasyon lang ak kilti kreyòl. Nan okazyon sila, divès òganizasyon Koumanse prepare plizyè kalite aktivite pou fè pwomosyon pou lang kreyòl la annatandan dat ofisyèl la : 28 oktòb. Plizyè òganis k ap travay pou voye lakilti moute gentan mete yo opa pou selebrasyon an ane sa a, epi pwofite ankouraje san kondisyon tout pwodiksyon zèv literè ak syantifik nan lang kreyòl la.

Depi plizyè ane, se mwa oktòb la ki rezève pou selebre lang kreyòl la. Tout òganis ki entèrese ak sa tanmen fè pwomosyon pou kilti kreyòl la pandan gen bon jan refleksyon k ap fèt tou pou ranfòse pwodiksyon nan lang nan. Ane isi a, se anba tèm : "Lang kreyòl la se gadyen eritaj kiltirèl nou", tout aktivite yo ap dewoule daprè Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) an. Pami plizyè lòt gwoupman kiltirèl ki pote sou do selebrasyon an, Fondasyon Anderson Dovilas se youn nan prensipal patnè komemorasyon lang ak kilti kreyòl la ane sa a.

Fondasyon sa a k ap travay nan sektè kiltirèl la te bay premye kout rèl li nan lane 2015. Li te fè yon aktivite pou lanse selebrasyon mwa lang kreyòl la jedi 8 oktòb pase a nan Òlando nan peyi Etazini. "Omaj pou lavi ak zèv Manno Charlemagne", se tèm aktivite lansman an te pote pou rann omaj ak Manno ki se yon atis ki pwodui anpil nan lang kreyòl la menm si l te pase yon bon bout tan nan lavi l nan peyi letranje.

Pou prezidan fondasyon an, Anderson Dovilas, Manno Charlemagne reprezante figi rezistans kiltirèl ayisyèn nan. Li te kòmanse mennen yon batay Ayiti ki te angaje sou plan politik. Li vin travèse nan dyaspora a nan peyi Etazini, ki se yon peyi ki difisil anpil pou kenbe idantite kiltirèl ou, men li reyisi fè rezistans sa.

Nan menm sousi pou ankouraje pwodiksyon zèv nan lang kreyòl la, Festival Entènasyonal Literati kreyòl (FEL)  anonse dezyèm edisyon li k ap fèt soti 2 pou rive 6 desanm k ap vini la a. Se Raphaël Confiant, yon jenn ekriven, inivèsitè, ki pibliye nan peyi li pou premye fwa yon woman nan lang kreyòl la, ki envite donè a.

Prezidan komite òganizatè FEL la, Annivence Jean-Baptiste, deklare : " “Festival Entènasyonal Literati kreyòl la se yon vitrin pwomosyon ak valorizasyon tout sa k ap fèt nan lang kreyòl la". Menmsi tèm festival la ane sa a se yon kesyonman sou koze literati : "Pouki n ap fè literati ?", sa pa vle di se pwodiksyon zèv literè nan lang kreyòl yo sèlman festival la ap ankouraje.

Direktè Regwoupman Ekriven Kreyòl (REK) la, Annivence Jean-Baptiste, fè konnen yo ankouraje travay syantifik nan lang kreyòl la nan menm nivo ak travay literè yo. "Gen plizyè travay syantifik ki kòmanse fèt nan lang kreyòl la, kote gen etidyan nan Inivèsite Leta Ayisyen an ki fè travay memwa yo an kreyòl. Kreyòl la se yon lang menm jan ak tout lòt lang yo. Kreyòl ka pale lasyans, lasyans ka pale Kreyòl”, se sa powèt Annivence Jean-Baptiste deklare.

Peyi Dayiti gen plizyè patikilarite ki fè nou dwe lanse nou afon nan ranfòse pwodiksyon nan lang kreyòl la daprè sa animatè emisyon Pawòl kreyòl nan radyo Siyal FM 90.5 eksplike. " Ayiti sèlman reprezante plis pase 60%  popilasyon kreyolofòn nan nan lemonn. Ayiti se sèl peyi sou latè ki gen 100% popilasyon l ki pale Kreyòl e literati ayisyèn nan fè pati literati kreyòl ki pi rich sou latè.” Se pou tèt sa, nan okazyon selebrasyon mwa lang kreyòl la, Fondasyon Anderson Dovilas voye yon mesaj bay tout antite k ap travay pou kontinye voye lakilti moute yo: " Pyès pèp pa egziste san kilti l, kilti nou se dènye bagay nou rete, nou dwe pwoteje l, fè pwomosyon pou li, prezève l epi pase l bay jenerasyon k ap vini an."

Menm jan an tou, Annivence Jean-Baptiste fè konnen lè n konsidere sosyete ayisyèn nan k ap evolye nan yon divèsite, lang kreyòl la se youn nan eleman ki ini nou, soude nou ansanm. Nan sans sa a, travay Félix Morisseau LeRoy, Célestin Méjie Émile, Georges Castera, Frankétienne ak lòt ankò ki te kòmanse pwodui nan lang kreyòl la dwe kontinye, paske pwodui nan lang kreyòl la se yon angajman.