Anons
Lang kreyòl la se gadyen eritaj kiltirèl nou
Douvanjou Web Media ap resevwa tèks pou piblikasyon gratis nan imèl sa : ayitidouvanjou@gmail.com

Sosyete
Anons
Douvanjou Web Media ap resevwa tèks pou piblikasyon gratis nan imèl sa : ayitidouvanjou@gmail.com
Akoz pakèt reta Ofis Nasyonal Idantifikasyon ap bay, Ayisyen yo dwe tann plizyè mwa, e menm plis, pou yo kapab ranplase pyès idantite yo genyen ki pèdi yo, sa ki fè yo pa ka jwenn posibilite pou yo fè sa yo gen pou yo fè chak jou epi pwofite opòtinite yo jwenn.
PÒTOPRENS, AYITI - Sa gen de lane, Ferlando Jean te pèdi kat idantite l nan yon estasyon bis pandan li t ap rantre Pòtoprens, kapital peyi Dayiti. Vwayaj li te fè pou l ranplase kat la te tounen yon eprèv difisil. Ajan finansye sa ki gen 32 lane eksplike li ale nan Ofis Nasyonal Idantifikasyon Diquini an, yon katye nan zòn Kafou, pandan 10 fwa ane sa, pou l verifye si kat ranplasman an pare. Chak fwa l ale, li jwenn yon pil moun ki gen menm pwoblèm avè l k ap tann yo ba yo sèvis.
Ajan Ofis Nasyonal Idantifikasyon yo mande yo pou yo vini yon lòt jou, san yo pa di yo kilè egzakteman kat ranplasman an ap pare.
Li di: "Mwen fè tout sa m te kapab. Li difisil pou jwenn pyès idantite nan peyi sa, kote tout bagay ap fonksyone ti pa ti pa, e kat sa tèlman enpòtan, se yon dram, lè w pèdi l.
Jean se pa yon ka izole. Kèk Ayisyen ki pa kontan fè anpil tan ap tann epi yo fè fas ak anpil obstak biwokratik pou yo jwenn oubyen ranplase kat idantite yo ak paspò yo, yon sitiyasyon ki kite anpil nan yo nan gwo ensètitid, tandiske gen lòt ki peye gwo lajan pou yo jwenn pyès sa yo sou mache nwa a ki pa sispann vale tèren.
Selon yon rapò Bertelsmann Stiftung, yon fondasyon rechèch nan peyi Almay, pibliye an 2022, pwoblèm nan soti nan kòripsyon an k ap ogmante chak jou ak move fason yo jere sistèm anrejistreman an. Pwosesis pou mande nouvo pyès yo poukont li se yon gwo defi, paske moun k ap mande pyès yo dwe tann pafwa plis pase yon lane anvan biwo anrejistreman an livre yon kat idantite.
Gouvènman ansyen prezidan Jovenel Moïse - yo te asasinen nan mwa jiyè 2021 an - René Garcia Préval ak Michel Joseph Martelly te eseye rezoud pwoblèm nan, men anpil sitwayen toujou pa anrejistre nan rejis gouvènman an.
Demann kat idantite ak paspò yo ogmante, paske moun yo ap chache kouri pou ensekirite k ap gaye kò l an Ayiti gras ak pwogram gouvènman ameriken an ki pèmèt Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen ak Venezyelyen antre legalman nan peyi a, a kondisyon yo jwenn yon esponsò ki baze nan peyi Etazini.
“Jodiya, ak pwogram liberasyon kondisyonèl gouvènman ameriken an, m bezwen kat mwen an. San li, m pa ka fè paspò”, se sa Annecie François, yon machann ki pèdi kat idantite li sa gen de lane e ki pa ka ranplase l, eksplike.
Li espere pitit gason li an, k ap viv Etazini, ap mande l pou l vin jwenn li nan kad pwogram viza a. Men li dwe gen yon paspò. Pou l ka fè demann nan, li bezwen yon kat idantite, li poko an mezi pou l ranplase. François di li te santi l fristre chak fwa l ale nan biwo kat idantite yo pou l te ka jwenn yon lòt.
Lè w pa gen kat idantite, li pa sèlman anpeche w vwayaje. Lè pitit li voye lajan pou li, se yon moun ki gen kat idantite ki dwe resevwa lajan an sou non l, paske li pa ka fè okenn tranzaksyon san kat la. Pafwa, li peye pou sèvis sa. Pratik sa pa sèlman koute li lajan, men li anpeche l gen vi prive l tou.
Menm jan ak François, Jean te konte sou jantiyès zanmi l yo pou tranzaksyon ki mande pou gen kat idantite yo.
"Yon zanmi te ede m fè kèk tranzaksyon labank”, se sa li eksplike. Li fè depo ak tranzaksyon yo sou non l sou kont an bank li. Li konnen se pa pi bon solisyon an, men li pa gen aksè ak lòt dokiman ki nesesè yo, tankou relve bankè, ki itil pou fè demann viza yo.
Selon Pierre Esperance, kowòdinatè Rezo nasyonal defans dwa moun nan, yon òganizasyon ki p ap travay pou lajan ki baze Pòtoprens, pwoblèm nan se paske enstitisyon gouvènmantal yo p ap fè travay yo. “Se reponsabilite Leta pou l bay tout sitwayen yo kat idantite gratis”, se sa li deklare. Si l pa fè l, li retire dwa sitwayen yo genyen pou yo gen yon idantite a nan men yo.
"Kat idantite a trè enpòtan ni pou Leta ni pou sitwayen an. Li pèmèt Leta idantifye sitwayen an e sitwayen an gen aksè ak lòt sèvis tankou bank, telefòn, chache travay”, se sa Mesye Esperance eksplike.
Anfèt, demann pyès yo ki ogmante a kreye yon mache nwa ki fèk kare grandi kote ajan yo ap pwomèt y ap bay pyès yo pi rapid, a kondisyon yo peye yo yon pakèt lajan.
Gen yon moman, Mesye Jean rakonte li te vin tèlman dezespere li te vle bay ajan mache nwa yo ant 2 000 ak 4 000 goud ayisyen (ant 14 ak 29 dola ameriken), men li pa t vle peye pou yon sèvis piblik ki gratis. Li te chwazi tann.
Brutus, ki swete itilize non l sèlman, fè konnen, kite peyi a ap pèmèt li pousuiv objektif li yo. Kouzen l lan, k ap viv Etazini, te pwopoze l pou l ede l aplike nan pwogram viza a. Li te menm voye lajan pou l fè paspò a ba li, men akoz kantite paspò ak kat idantite epi kantite tan yo pran pou yo bay yo, li te bezwen yon solisyon rapid.
Li di : "Mwen gen yon zanmi ki te ban m kontak yon moun ki te kapab ede m. Mwen depanse 75 000 goud [anviwon 542 dola].”
Li te reyisi fè paspò a sou mache nwa, men sa te koute l pi chè. Brutus eksplike li te peye 40 000 goud (289 dola) pou l te jwenn pyès la. Aprè sa, li peye 10 000 goud anplis (71 dola) paske l te bezwen premye paj paspò a pou l te kòmanse pwosesis pou l jwenn viza a. Aprè l fin aprann l ap bezwen de mwa pou l jwenn rès paspò a, li te deside peye 10 000 goud (71 dola) anplis pou pwosesis la ka ale pi vit. Li depanse rès la pou transpò, dòmi ak manje.
Men gouvènman an fè sa l kapab pou l diminye reta yo ak mache nwa a ki pa sispann ouvè kò l nan peyi a. Wandy Charles, direktè kominikasyon Ofis Nasyonal Idantifikasyon an, eksplike li konstate demann pou ranplasman kat idantite yo ogmante depi lè pwogram viza ameriken an louvri a.
"Men nou ranfòse biwo nou yo pou nou kapab ede moun yo jwenn kat idantite yo”, se sa li eksplike.
Nòmalman, si pa gen pwoblèm, ranplasman yon kat idantite pran anviwon 8 jou ouvrab si moun ki fè demann nan bay tout enfòmasyon yo mande yo. Men, li admèt gen kèk reta akoz kèk faktè tankou kouran ki konn pa genyen, e ki nesesè pou yo enprime kat yo.
Pafwa, moun ki konn swete ranplase kat yo konn eseye twonpe sistèm nan lè yo mande yon nouvo kat oubyen lè yo anrejistre tèt yo sou yon lòt non olye yo siyale yo pèdi kat idantite yo. “Tout sa ralanti pwosesis la”, se sa li di.
Jiskaprezan, biwo anrejistreman an livre 4 milyon kat idantite antou, selon Charles. Daprè estimasyon Enstiti ayisyen estatistik ak enfòmatik pou 2021 an, sa reprezante sèlman anviwon 54% moun ki kalifye pou gen yon kat idantite (ki gen plis pase 18 lane) an Ayiti.
Charles eksplike y ap travay pou yo amelyore sistèm nan e asire yo tout moun ki majè gen yon kat idantite. “Nou mete plizyè nimewo disponib sou WhatsApp pou moun yo ka voye deklarasyon kat idantite ki pèdi yo bay lapolis pi fasil”, se sa li di.
Nan mwa mas 2023 a, gouvènman an te louvri yon platfòm pou demann pyès idantite an liy - Delidoc - yon fason pou akselere pwosesis demann dokiman ofisyèl yo.
Aline, ki prefere itilize non l sèlman paske l pè pou yo pa idantifye l, te itilize platfòm Delidoc la, ki selon li menm, reprezante yon gwo pa an avan nan lit kont mache nwa a. Nan mwa avril la, li te pran yon randevou pou l al fè anprent li, yo te di l paspò l la ap pare nan mwa jen an. Menmsi l te ale nan randevou pou l al fè anprent lan, li te bezwen paspò a byen rapid.
"Yon lòt moun te ban m kontak yon moun pou m te ka jwenn li nan 15 jou, kidonk m te peye 10 000 goud (71 dola) pou sa”, se sa li di.
Rezo Fanm Kapab Dayiti (Refkad), yon rezo ki gen plis pase 30 òganizasyon ladann k ap fè pwomosyon egalite ak pwoteksyon fanm ak tifi, te eseye ede moun ki pèdi kat idantite ak lòt dokiman enpòtan pandan y ap pataje enfòmasyon yo sou gwoup Faebook yo. Se vre òganizasyon an egziste depi 2011, li te kòmanse pataje enfòmasyon sa yo sou platfòm li an sa gen plis pase yon lane. Nadine Anilus, kowòdonatris rezo òganizasyon an, eksplike l ap kolabore ak komisarya yo ak chofè transpò piblik yo pou l rekipere pyès ki pèdi yo, sitou pyès idantite yo.
"Depi anviwon yon lane, n ap trete ka izole ki vin mande nou èd yo, men depi kèk tan, kantite moun ki pèdi kat idantite yo, kat labank yo ak lòt ankò ogmante e nou te wè li nesesè pou nou ede moun sa yo. Konsa yo pa pèdi tan yo ak lajan yo”, se sa Anilus eksplike.
Jiskaprezan gwoup la ede plis pase 700 moun rekipere kat idantite yo ak lòt pyès enpòtan yo te pèdi. Mireille Luxama, yon sekretè biwo nan Pòtoprens ki gen 24 lane, fè pati moun ki jwenn kat idantite yo gras ak paj Facebook Refkad la. Se yon zanmi ki te ankouranje l al sou paj sa.
Wood-Anne, ki gen 20 lane, yon etidyan ki swete itilize non l sèlman paske l pè pou yo pa idantifye l, vle pwofite de pwogram ameriken an pou l enstale l. Li swete etidye nan yon anviwònman ki pi pezib.
Li di : "Mwen vle kouri pou pwoblèm sosyal ak politik k ap vale tèren an Ayiti, yon peyi ki tounen yon kote difisil pou moun viv.”
Wood-Anne, k ap viv ak matant li depi l te gen 13 lane, swete vin pi pwòch manman l, k ap viv Etazini e ki benefisye yon estati pwoteksyon tanporè. Men li pa gen paspò e l pa ka fè youn, paske l pèdi kat idantite l. L ap tann yon kat ranplasman depi plis pase twa mwa.
Li di : "Yo di m kat la ap pare nan yon mwa, men malerezman m poko jwenn li. M ap tann.”
NB: Se Global Press Journal ki pibliye atik sa.