DECEMBER 9, 2022
  • DECEMBER 9, 2022
  • Chicago 12, Melborne City, USA
aktyalite

Edikasyon timoun yo ap soufri akoz kriz gaz la ki paralize Ayiti

Nan nò peyi Dayiti, lekòl yo te fèmen pandan plizyè mwa akoz peyi a t ap fè fas ak yon kriz gaz. Lekòl yo relouvri men anpil timoun gen difikilte pou yo vin suiv kou yo — e sikològ pou timoun yo predi move konsekans pou yo.

OKAP, AYITI - Lè lekòl 3 timoun Esther Paul yo te relouvri an janvye a, se te yon moman soulajman pou manman selibatè sa, ki te rete lakay ak timoun li yo pandan 6 mwa. Men se te yon pwoblèm tou.

« Ane pase, pri moto 3 wou yo te 50 goud [33 santim ewo] », se sa li eksplike pandan l ap pale de kantite lajan transpò lekòl timoun li yo koute. « Ane sa, pri a double. Kiyès ki konnen si lane pwochèn pri a p ap ogmante ankò ?

Paul pa gen mwayen pou l peye transpò pou mennen timoun yo lekòl. Akoz de sa, li mache omwen inèdtan pa jou pou l mennen yo ale epi mennen yo tounen. Gen de jou, trajè a pi difisil pou de timoun li genyen ki pi piti yo, ki gen 3 ak 4 lane.

« Mwen dwe fè vit chak jou pou yo pa an reta, sinon y ap bay timoun yo pinisyon », se sa Paul eksplike. « Sa pa fasil pou mwen paske de timoun mwen genyen ki pi piti yo, yo twò piti pou yo mache vit. Lè lè a ap kouri, pi gran pitit mwen an konn ede m pote yo sou do l. »

Nan mwa septanm ki sot pase a, gouvènman an te anonse sibvansyon 400 milyon dola gaz la fini. Pri gaz la te double, sa ki te deklannche manifestasyon ki pafwa te gen vyolans, alòske peyi a t ap fè fas ak yon kriz ekonomik ki t ap vin pi grav chak jou. Plizyè gang te bloke rantre tèminal Varreux a, kote pi fò gaz rantre nan peyi a e yo te egzije pou Premye minis la, Ariel Henry, demisyone. Lekòl yo ak antrepriz yo te fèmen pòt yo e manifestan yo te bloke wout yo. Si timoun Okap yo ka ale lekòl aprè lekòl te fèmen pandan 6 mwa nan kèk rejyon, kriz gaz la kite kèk paran ki pa menm ka peye transpò pou mennen pitit yo lekòl.

Nan mwa out la, Mirlande Bolivard te gentan peye yon pati nan kòb lekòl pitit fi li genyen ki pi piti a lè gouvènman an te anonse desizyon pou l repòte dat lekòl la t ap louvri a aprè vakans ete yo. Ministè Edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la anonse yo repòte dat la pou yon mwa aprè, san yo pa bay okenn rezon, kèk jou anvan dat yo te prevwa rantre lekòl la, ki se 5 septanm. Poutan lekòl yo te kòmanse relouvri Okap an desanm e tout timoun te finalman retounen lekòl an janvye. Lè timoun Madan Bolivard yo, ki gen 10 ak 12 lane, retounen lekòl, responsab lekòl yo te mande yo pou yo pa met inifòm, paske yo te pè pou manifestan ki an kòlè akoz lekòl la relouvri pandan yo pa jwenn satisfaksyon pou revandikasyon yo, pa pran yo pou sib.

Madan Bolivard fè konnen se mari l ki mennen timoun yo lekòl, men se yon taksi moto ki mennen yo tounen lakay. Sa koute l 500 goud (3,33 dola) pa jou. 

« Mwen mal pou m rantre yon kantite lajan ki sifizan nan aktivite m fè a akoz enstabilite peyi a », se sa madan Bolivard eksplike. Li te louvri yon antrepriz ki okipe zafè evenman ak restorasyon nan lane 2022 a aprè l te demisyone nan yon bank li t ap travay pou l te ka rete lakay ak timoun li genyen ki pi piti a. 

« Mari m li menm, li mal pou l travay kòm avoka nan yon vil kote enstabilite paralize menm sistèm jidisyè a. »

Lapolis repran kontwòl tèminal Varreux a nan mwa novanm nan, men ponp gaz ki nan dezyèm pi gwo vil peyi a rete konplètman vid, sa ki pouse pi fò pèp la achte gaz la sou mache nwa a, a 1 500 goud (10 $) pa galon. Pri sa desann sa pa gen twò lontan a 1 000 goud (6,45 $) pa galon.

Anplis pri yo ki ogmante, gen mwens taksi moto ki disponib pou lokasyon, sa ki konplike deplasman abitan yo, menmsi yo ka peye pri kous la.

Duderot François, ki t ap kondui yon taksi moto 3 wou, yon mwayen transpò ki gen wout fiks li fè e ki ka pote jiska 5 pasaje, oblije sispann fè djòb sa aprè gaz la fin monte a. Selon sa l di, menmsi pri gaz la diminye a mwatye sou mache nwa a ane sa, gaz la toujou twò chè epi li difisil pou l jwenn li pou l ta ka viv de aktivite sa. Li temwen anpil batay pou moun jwenn gaz nan ponp yo.

« Li te difisil anpil pou jwenn gaz paske te toujou gen anpil moun k ap tann nan liy epi k ap batay antre yo », se sa François rakonte. « Pafwa m konn pase tout jounen an ap tann gaz epi ponp lan fèmen san m pa gen tan jwenn gaz la achte.

François di gaz la pa rive nan ponp ki nan zòn li an, donk si l pa gen mwayen pou l achte l sou mache nwa a, li p ap jwenn gaz la.

Si gaz la pran tan pou l rive nan ponp yo ki nan nò peyi a, zòn nan pran tan tou pou lekòl yo relouvri. 

Nan mwa desanm nan, Nesmy Manigat, minis edikasyon an, te fè konnen, plis pase 50% lekòl yo te louvri nan 8 sou 10 depatman peyi Dayiti. Nan depatman Nò a, kote Okap ye a, sèlman 17% lekòl yo te relouvri, tandiske nan Nòdès, chif sa te 27%. Tout lekòl yo relouvri nan vil ki nan zòn nò peyi a, e tout timoun ale ak inifòm kounya, se sa Marie-Carmelle Cothière, direktris edikasyon depatman Nò a, fè konnen. Men kèk nan yo enkyè anpil paske timoun yo pa t gen aksè ak edikasyon epi gen bagay yo pa gen tan aprann.

Steevelyne Pierre, sikològ pou timoun nan lekòl Collège le Phare Okap la eksplike, pa ale lekòl pandan yon long peryòd kapab gen yon enpak negatif sou devlopman entèlektyèl ak byennèt mantal timoun yo, sitou si yo pa fè lekòl avèk yo lakay yo. Selon sa l di, timoun yo kapab bliye yon gwo pati nan matyè yo te aprann lekòl yo.

« Mank aksè ak edikasyon se yon pwoblèm ki egziste depi plizyè lane, e fèmen lekòl yo rann sitiyasyon an pi grav », se sa Madan Pierre eksplike.

Madan Bolivard santi li soulaje paske timoun li yo ap kontinye etid yo, men li dwe fè anpil sakrifis pou l peye transpò yo, alòske li pa rantre lajan chak jou epi mwayen mari l genyen yo ap diminye. Li panse sitiyasyon l kapab amelyore sèlman si gaz la vin pi disponib epi pri a bese.

Paul li menm tou prè pou l sakrifye l chak jou pou edikasyon timoun li yo. Aprè l fin mache epi pote timoun yo jis nan klas la, li pase jounen an ap travay nan lekòl la, ap  veye sou elèv ki pi piti yo. Li aksepte vwayaj fatigan sa, men li pa gen okenn espwa pri transpò yo ap diminye.

Li di : “Onètman, m pa kwè sa ap chanje, sitou jan enstabilite sa ap gaye kò l nan peyi a.”

 

Se Global Press Journal ki pibliye atik sa : https://globalpressjournal.com/americas/haiti/fuel-crisis-having-devastating-effects-childrens-education/